Èd pou Etid
Pitit gason lòm nan


Pitit gason lòm nan

Yon tit Jezikri itilize lè l ap pale konsènan tèt pa L (Lik 9:22; Lik 21:36). Li vledi Pitit Gason Lòm Sentete a. Lòm Sentete a se youn nan non Papa Bondye. Lè Jezi te lonmen tèt Li Pitit Gason Lòm Nan, se te yon deklarasyon klè konsènan relasyon diven Li avèk Papa a. Nou jwenn tit sa a souvan nan Levanjil yo. Revelasyon dènye jou yo konfime siyifikasyon espesyal epi sakre non Sovè a (D&A 45:39; 49:6, 22; 58:65; Moyiz 6:57).