Èd pou Etid
Egzòd


Egzòd

Yon liv nan Ansyen Testaman an Moyiz te ekri a ki dekri depa Izrayelit yo nan peyi Ejip la. Daprè jan istwa kòmansman Izrayèl la te anrejistre nan Egzòd la, li kapab divize an twa pati: (1) esklavaj pèp la nan Ejip, (2) depa yo nan Ejip sou direksyon Moyiz, epi (3) devouman yo nan sèvis Bondye nan lavi relijye yo ak lavi politik yo.

Premye pòsyon an, Egzòd 1:1–15:21 esplike tray Izrayèl nan Ejip; kòmansman istwa a ak apèl Moyiz la; Egzòd la ak tablisman pak la; travèse Lanmè Wouj la, destriksyon lame Farawon an, epi chan viktwa Moyiz.

Dezyèm pòsyon an, Egzòd 15:22–18:27 rakonte redanmsyon Izrayèl ak evènman konsènan vwayaj soti nan Lanmè Wouj pou ale nan Sinayi a; dlo anmè Mara a, resepsyon kay ak lamàn nan, respè Saba a, don mirakile dlo nan Refidim nan, ak batay avèk Amalekit yo; arive Jetwo nan kan an ak konsèy li sou gouvènman sivil pèp la.

Twazyèm pòsyon an, chapit 19–40, pale de devouman Izrayèl nan sèvis Bondye pandan evènman solanèl Sinayi a. Senyè a te mete pèp la apa kòm yon wayòm prèt ak yon nasyon sen; Li te bay dis kòmandman yo; epi Li te bay enstriksyon konsènan tabènak la, founiti tabènak la ak adorasyon andedan l. Apre sa se istwa peche pèp la nan adorasyon jèn bèf annò a, epi finalman se istwa konstriksyon tabènak la ak dispozisyon pou sèvis ladann.