Èd pou Etid
Premye Vizyon


Premye Vizyon

Aparisyon Papa Bondye ak Pitit Gason l la, Jezikri, devan Pwofèt Joseph Smith nan yon boskè.

Nan prentan 1820, Joseph Smith, pitit la, te gen katòzan anviwon. Li te rete nan vil Palmyra ki nan New York la avèk fanmi l. Nan yon ti distans, bò lwès kay fanmi an te gen yon forè gwo pyebwa. Joseph te ale nan kote sa a pou l priye Bondye pou l kapab aprann ki legliz ki te vrè. Pandan li t ap li Bib la li te santi li dwe chèche repons sa a nan men Bondye (Jak 1:5–6). Kòm yon repons pou priyè li a, Papa a ak Pitit Gason an te parèt devan l epi yo te di l pou l pa t ale nan youn nan legliz yo ki te sou tè a, paske yo tout te nan manti (I—JS 1:15–20). Eksperyans sakre sa a te kòmansman yon seri evènman ki ta pral mennen Retablisman levanjil la ak vrè Legliz Kris la.