Èd pou Etid
Ansyen Testaman


Ansyen Testaman

Ekriti ansyen pwofèt ki te aji sou enfliyans Sentespri a epi ki temwaye konsènan Kris la ak pwochen ministè L pandan anpil syèk. Li genyen yon rejis istwa Abraram ak desandan l yo tou, kòmanse avèk Abraram, epi alyans oubyen testaman, Senyè a te fè avèk Abraram nan epi avèk desadan l la.

Moyiz te ekri senk premye liv Ansyen Testaman yo. Se Jenèz, Egzòd, Levitik, Nonb, ak Detewonòm. Jenèz pale de orijin tè a, limanite, langaj yo, ras yo, epi kòmansman kay Izrayèl la.

Liv istorik yo pale sou evènman Izrayèl yo. Liv sa yo se Jozye, Jij, Rit, 1 ak 2 Samyèl, 1 ak 2 Wa, 1 ak 2 Kwonik, Esdras, Neemi, epi Estè.

Liv pwoetik yo genyen ladan yo sajès ak literati pwofèt yo. Se Jòb, Sòm, Pwovèb, Eklezyas, kantik Salomon, epi Lamantasyon yo.

Pwofèt yo te avèti Izrayèl kont peche l yo epi yo te temwaye konsènan benediksyon ki genyen nan obeyisans. Yo te pwofetize konsènan vini Kris la, ki ta pral ekspye peche moun ki repanti yo, ki resevwa òdonans yo, epi ki mete levanjil la an pratik. Liv pwofèt yo se Ezayi, Jeremi, Ezekyèl, Danyèl, Oze, Jowèl, Amòs, Abdyas, Jonas, Miche, Nawoum, Abakik, Sofoni, Aje, Zakari, ak Malachi.

Pi fò nan liv Ansyen Testaman yo te ekri an Ebre. Kèk ekriti gen Aramik, yon lang ki sanble ak lang Ebre a.