Èd pou Etid
Enòs, pitit gason Jakòb


Enòs, pitit gason Jakòb

Yon pwofèt Nefit epi yon grefye nan Liv Mòmon an ki te priye pou padon peche l yo; li te resevwa padon peche l yo poutèt lafwa li te genyen nan Kris la (Enòs 1:1–8). Senyè a te fè alyans avèk Enòs pou l voye Liv Mòmon an bay Lamanit yo (Enòs 1:15–17).

Liv Enòs la

Yon liv nan Liv Mòmon an ki pale de priyè Enòs te fè bay Senyè a pou l mande padon pou pèp li a ak kèk lòt moun. Senyè a te pwomèt li Liv Mòmon an t ap prezève epi Lamanit yo t ap kapab genyen l nan lavni, li rakonte gran istwa yon nonm ki t ap chèche Bondye li a nan priyè, li te viv nan obeyisans kòmandman Bondye yo, epi anvan lanmò li, li te rejwi nan konesans Redanmtè li a.