Èd pou Etid
Isaka


Isaka

Yon pitit gason Jakòb avèk Leya nan Ansyen Testaman an, (Jen. 30:17–18; 35:23; 46:13). Desandan li yo te vin tounen yon nan douz tribi Izrayèl yo.

Tribi Isaka a

Nou jwenn benediksyon Jakòb te bay Isaka a nan Jenèz 49:14–15. Apre yo te fin tabli nan Kanaran, tribi a te resevwa kèk nan tè ki te pi rich nan Filisti, ladann tou te gen plèn Esdralon an. Nan fwontyè Isaka yo te gen anpil kote enpòtan nan istwa Juif yo, paegzanp, Kamèl, Megido, Dotan, Gilboa, Jizreyèl, Tabò, ak Nazarèt (Joz. 19:17–23).