Èd pou Etid
Jak, pitit gason Zebede


Jak, pitit gason Zebede

Youn nan Douz Apot Jezi te chwazi pandan ministè terès Li a. Li te frè Jan. Li te youn nan twa Apot Jezi te chwazi pou rete avèk li nan kèk okazyon espesyal: lè pitit fi Jayiris la (Mak 5:37), lè Transfigirasyon an (Mat. 17:1; Mak 9:2; Lik 9:28), epi nan Jetsemane (Mat. 26:37; Mak 14:33). Avèk Pyè ak Jan, li te retabli Prètriz Mèlkisedèk la sou tè a lè yo te òdone Joseph Smith ak Oliver Cowdery (D&A 27:12; 128:20; I—JS 1:72).