Èd pou Etid
Lanmè Wouj


Lanmè Wouj

Etandi dlo ant Ejip ak Arabi De gòlf nò li yo fòme Kòt Prèskil Sinayi a. Senyè a te separe Lanmè Wouj la mirakilezman pou Izrayelit yo te kapab pase sou tè sèch sou direksyon Moyiz (Egz. 14:13–31; Ebre 11:29). Separasyon lanmè Moyiz te fè a te konfime nan revelasyon modèn (1 Ne. 4:2; Ela. 8:11; D&A 8:3; Moyiz 1:25).