Èd pou Etid
Elyas


Elyas

Yo sèvi ak non oswa tit Elyas la nan ekriti yo plizyè Fason:

Eli

Elyas nan fòm fòm Nouvo Testaman an (Grèk) la pou Eli (Ebre), jan li ye nan Mat. 17:3–4, Lik 4:25–26, epi Jak 5:17. Nan sikonstans sa yo, Elyas te ansyen pwofèt Eli a ki te gen ministè l anrejistre nan 1 epi 2 Wa.

Prekisè

Elyas se yon tit pou yon moun ki se yon prekisè. Pa egzanp, Janbatis se te yon Elyas paske yo te voye l prepare chemen an pou Jezi (Mat. 17:12–13).

Restoratè

Yo te aplike non Elyas la tou pou lòt moun ki te gen misyon byen detèmine pou yo akonpli, tankou Jan, Revelatè a (D&A 77:14) ak Gabriyèl (Lik 1:11–20; D&A 27:6–7; 110:12).

Yon nonm nan dispansasyon Abraram nan

Yon pwofèt ki te rele Ezayas oubyen Elyas ki sanble li te viv nan epòk Abraram nan (D&A 84:11–13; 110:12).