Èd pou Etid
Oze


Oze

Yon pwofèt ansyen Testaman ki te pwofetize nan wayòm nò Izrayèl pandan finisman gouvènman Jewobowam Ⅱ a. Li te viv pandan yon epòk ki te gen deklen nasyonal ak destriksyon, rezilta peche Izrayèl.

Liv Oze a

Sijè prensipal liv la se lanmou Bondye genyen pou pèp Li a. Tout chatiman ki te aflije yo se te avèk lanmou, epi retablisman Izrayèl L ap fèt poutèt lanmou Li (Oze 2:19; 14:4). Sepandan, Oze te montre koken ak enfidelite Izrayèl. Malgre sa Bondye kapab pare pou redanmsyon final Izrayèl (Oze 11:12–14:9).