Èd pou Etid
Òdonans yo


Òdonans yo

Rit ak seremoni sakre yo. Òdonans yo se aksyon ki gen siyifikasyon espirityèl. Òdonans yo vledi tou lalwa ak règleman Bondye yo.

Administrasyon pou malad fè pati nan òdonans Legliz la yo (Jak 5:14–15), benediksyon sentsèn (D&A 20:77, 79), batèm pa imèsyon (Mat. 3:16; D&A 20:72–74), benediksyon timoun (D&A 20:70), konfere Sentespri a (D&A 20:68; 33:15), konfere prètriz la (D&A 84:6–16; 107:41–52), òdonans nan tanp (D&A 124:39), epi maryaj nan nouvo alyans etènèl la (D&A 132:19–20).

Òdonans pa pwokirasyon

Se yon òdonans relijye ke yon moun ki vivan fè pou yon moun ki mouri. Òdonans sa yo gen valè sèlman lè pou moun sila yo ke yo te fè òdonans yo aksepte yo, kenbe alyans asosye avèk yo a, epi ki vin sele pa lantremiz Lespri sen pwomès la. Tankou òdonans yo ki fèt nan tanp yo jodi a.