Èd pou Etid
Jak, Frè Senyè a


Jak, Frè Senyè a

Nan Nouvo Testaman an, yon frè Senyè a (Gal. 1:19) ak Joze, Simon, Jida ak kèk sè (Mat. 13:55–56; Mak 6:3; Jid 1:1). Yo te konn rele l tou Jak, nonm Jis la epi li te okipe yon pozisyon enpòtan nan Legliz Jerizalèm nan (Tra. 12:17; 15:13; 1 Kor. 15:7; Gal. 2:9–12). Petèt se limenm ki te ekri epit Jak la.

Epit Jak la

Yon liv nan Nouvo Testaman an. Nan kòmansman an, se te yon lèt yo te voye bay douz tribi Izrayèl yo ki te dispèse lòtbò yo e ki te soti Jerizalèm. Epit la gen kèk pwen byen klè konsènan relijyon pratik, li genyen tou yon konsèy enpòtan nan chapit 1 an ki di konsa, si yon moun manke sajès, li ta dwe mande Bondye pou ede l (Jak 1:5–6; I—JS 1:9–20). Chapit 2 pale de lafwa ak zèv. Chapit 3–4 pale de nesesite pou moun kontwole lang yo epi li avèti Sen yo pou youn pa pale lòt mal. Chapit 5 lan ankouraje Sen yo pou yo gen pasyans epi pou yo mande ansyen yo yon benediksyon lè yo malad; li anseye tou konsènan benediksyon ki genyen lè moun ede lòt moun konvèti.