Èd pou Etid
Blasfèm, blasfeme


Blasfèm, blasfeme

Pale san respè oubyen san reverans kont Bondye oubyen bagay sakre.

Juif yo te akize Jezi plizyè fwa kòm blasfematè poutèt li te pran dwa pou L padone peche (Mat. 9:2–3; Lik 5:20–21), poutèt Li te rele tèt Li Pitit Gason Bondye a (Jan 10:22–36; 19:7), epi poutèt Li te di y ap wè L chita bò a dwat nèg ki gen pouvwa a, epi L ap vini nan nyaj syèl la (Mat. 26:64–65). Akizasyon sa yo t ap verite si Li pa t tout sa Li te di Li ye yo toutbon. Akizasyon fo temwen yo te fè kont Li nan jijman devan Sanedren an (Mat. 26:59–61) se te blasfèm kont tanp Bondye a. Blasfèm kont Sentespri a, ki vle di nye Kris la volontèman lè yon moun fin resevwa yon konesans pafè konsènan L, se yon peche enpadonab (Mat. 12:31–32; Mak 3:28–29; D&A 132:27).