Èd pou Etid
Estè


Estè

Yon fi ki gen anpil lafwa epi li se pèsonaj prensipal nan liv Estè a.

Liv Estè

Yon liv nan Ansyen Testaman an ki gen istwa gran kouraj Rèn Estè te genyen pou l te sove pèp li a anba destriksyon.

Chapit 1–2 esplike kòman fè Estè ki te yon fi Juif epi ki te pitit fi adoptif yon nonm Juif yo te rele Madoche, kòman yo te chwazi Estè kòm rèn peyi Pès poutèt bote l. Chapit 3 esplike kòman Aman, nonm ki te chèf nan lakou wa a te rayi Madoche epi li te resevwa yon piblikasyon pou l touye tout Juif. Chapit 4–10 rakonte kòman Estè te riske tèt pa l, li te deklare nasyonalite pa l devan wa a epi li te ranvèse piblikasyon.