Èd pou Etid
Timote


Timote

Nan Nouvo Testaman an, yon jèn misyonè ki te konpayon Pòl pandan ministè Pòl (Tra. 16:1–3; 2 Tim. 1:1–5); pitit gason yon papa Grèk avèk yon manman Juif; limenm avèk paran li yo te abite nan Lis.

Pòl te pale konsènan Timote kòm “pwòp pitit gason pa l nan lafwa a” (1 Tim. 1:2, 18; 2 Tim. 1:2). Aparamman, Timote te asistan ki gen plis kapasite a epi sila a Pòl te fè plis konfyans la (Filip. 2:19–23).