Èd pou Etid
Nouvo Testaman


Nouvo Testaman

Yon koleksyon ekriti enspire yo, (nan orijin nan, nan lang Grèk) konsènan lavi ak ministè Jezikri, Apot yo, ak kèk lòt disip Jezikri. Jeneralman, Nouvo Testaman an divize Levanjil yo, Travay Apot yo, epit Pòl yo, epit jeneral yo, epi liv Apokalips la.

Kat Levanjil yo—liv Matye, Mak, Lik, ak Jan—se istwa lavi Kris la. Liv Travay anrejistre istwa Legliz la ak Apot yo, espesyalman vwayaj misyonè Pòl apre lanmò Kris la. Epit Pòl yo bay dirijan Legliz yo ak manm yo enstriksyon. Lòt epit yo se kèk lòt Apot ki te ekri yo pou bay premye Sen yo plis konsèy. Liv Apokalips la, Apot Jan te ekri a, gen sitou pwofesi konsènan dènye jou yo.