Jan yo itilize l nan ekriti yo, Janti gen plizyè siyifikasyon. Kèk fwa li deziye pèp ki pa nan liyaj Izrayelit, kèk fwa pèp ki pa nan liyaj Juif, e kèk fwa nasyon ki pa gen levanjil la, menm si kapab gen san Izrayelit nan pami pèp la. Dènye itilizasyon sa a li espesyalman montre mo a jan yo itilize l nan Liv Mòmon an ak Doktrin ak Alyans yo.
Izrayelit yo pa t dwe marye avèk moun ki pa Izrayelit (Janti yo), Det. 7:1–3 .
Senyè a t ap vini pou l yon limyè pou Janti yo, Eza. 42:6 .
Pyè te resevwa kòmandman pou l pote levanjil la bay Janti yo, Tra. 10:9–48 .
Bondye te akòde Janti yo repantans tou, Tra. 11:18 .
Nou batize nan yon sèl legliz la, menm si nou se Juif oubyen Janti, 1 Kor. 12:13 .
Janti yo ta dwe disip Kris nan levanjil la, Efe. 3:6 .
Liv Mòmon an te ekri pou Janti yo, tit paj Liv Mòmon an (Mòm. 3:17 ).
Yon nonm nan pami Janti yo te ale sou lanmè a, 1 Ne. 13:12 .
Lòt liv te soti nan men Janti yo, 1 Ne. 13:39 .
Plenitid levanjil la ap vin jwenn Janti yo, 1 Ne. 15:13 (3 Ne. 16:7 ; D&A 20:9 ).
Tè sa ap yon tè libète pou Janti yo, 2 Ne. 10:11 .
Janti yo se konparezon yon pye oliv sovaj, Jakòb 5 .
Levanjil la pral parèt nan tan Janti yo, D&A 45:28 (D&A 19:27 ).
Pawòl la prale nan kwen tè a, pou Janti yo premyèman, epi apre sa pou Juif yo, D&A 90:8–10 .
Swasanndis yo dwe vinn temwen espesyal pou Janti yo, D&A 107:25 .
Voye ansyen nan legliz mwen yo pou rele tout nasyon, premyèman Janti yo, apre sa Juif yo, D&A 133:8 .