Èd pou Etid
Sinagòg


Sinagòg

Yon kote moun itilize pou bi relijye. Nan epòk Nouvo Testaman an, jeneralman, founiti yo te senp, avèk yon kòfrefò ki te gen woulo ekriti lalwa a ak kèk lòt ekriti sakre, yon biwo lekti epi chèz pou adoratè yo.

Yon konsèy ansyen lokal te dirije chak sinagòg. Yo te pran desizyon konsènan kiyès ki te kapab antre ak kiyès ki pa t kapab antre (Jan 9:22; 12:42). Fonksyonè ki te pi enpòtan an se te gouvènè sinagòg (Mak 5:22; Lik 13:14). Jeneralman, li te yon save, li te responsab kay la, epi li te sipèvize sèvis yo. Yon asistan te ranpli fonksyon grefye (Lik 4:20).

Te gen yon sinagòg nan chak vil kote Juif yo te viv, ni nan Filisti ak lòt kote yo. se te yon gran èd pou gaye levanjil Jezikri a paske, abityèlman, premye misyonè Legliz yo te kapab pale nan sinagòg yo (Tra. 13:5, 14; 14:1; 17:1, 10; 18:4). Menm pratik sa a egziste pami misyonè yo nan Liv Mòmon an (Alma 16:13; 21:4–5; 32:1) otan pami premye misyonè yo nan dispansasyon sa a tou (D&A 66:7; 68:1).