Lè yo fè moun vin dou ak anseyab, oubyen lè yon moun dou ak anseyab. Imilite vle di tou pou nou rekonèt depandans nou anba Bondye ak volonte nou pou nou soumèt nou anba volonte L.
Bondye te dirije w pandan karant ane nan dezè a pou l kapab imilye w, Det. 8:2 .
M te jene pou m te kapab imilye tèt mwen, Sòm 35:13 .
Yon timoun pòv ki saj pi bon pase yon wa granmoun ki sòt, Ekl. 4:13 .
Senyè a rete avèk moun ki enb, Eza. 57:15 .
Nenpòt moun ki imilye tèt li tankou timoun piti sa a, se limenm k ap pi gran nan wayòm syèl la, Mat. 18:4 .
Yon moun ki imilye tèt li l ap egzalte, Mat. 23:12 (Lik 14:11 ; 18:14 ).
Jezi te imilye tèt li epi li te vin obeyisan pou l mouri, Filip. 2:8 (Lik 22:42 ; 23:46 ).
Bondye te reziste devan lògeye yo, epi li fè enb yo gras, 1 Pyè 5:5–6 (2 Ne. 9:42 ).
Imilye tèt ou nan pwofondè imilite, Mozya 4:11 (2 Ne. 9:42 ; 3 Ne. 12:2 ).
Èske w te enb ase, Alma 5:27–28 .
Pati moun ki te pi enb nan pami pèp la te vin pi fò nan imilite yo, Ela. 3:33–35 .
M bay lèzòm feblès pou yo kapab vin enb, Etè 12:27 .
Imilite se yon kalifikasyon pou batèm, D&A 20:37 .
Imilye tèt ou devan m epi w ap wè m epi w ap konnen m egziste, D&A 67:10 .
Imilye w epi Senyè a ap reponn priyè w yo, D&A 112:10 .
Yon moun ki inyoran dwe imilye tèt li pou l aprann sajès, D&A 136:32 .
Yo te voye Lespri a pou eklere moun ki enb, D&A 136:33 .