Èd pou Etid
Batèm, batize


Batèm, batize

Mo yo itilize nan tèks Grèk original la vle di “tranpe” oubyen “plonje.” Batèm pa imèsyon ki fèt pa yon moun ki gen otorite se òdonans ki entwodui levanjil la epi li nesesè pou yon moun ki vle vin manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li vini apre lafwa nan Jezikri ak repantans. Don Sentespri a dwe vin apre sa l pou l kapab konplè (2 Ne. 31:13–14). Batèm nan dlo ak Lespri a nesesè anvan yon moun kapab antre nan wayòm selès la. Adan se te premye moun ki te batize (Moyiz 6:64–65). Jezi te batize tou pou l akonpli tout jistis epi pou l montre tout limanite chemen an (Mat. 3:13–17; 2 Ne. 31:5–12).

Paske tout moun sou tè a pa gen opòtinite pou aksepte levanjil la pandan lavi mòtèl la, Senyè a te bay otorizasyon pou batèm pa pwokirasyon kapab fèt pou mò yo. Se poutèt sa, moun ki aksepte levanjil la nan mond dèzespri kapab kalifye pou yo antre nan Wayòm Bondye a.

Lesansyèl

Batèm pa imèsyon

Batèm pou padon peche

Otorite apwopriye

Kalifikasyon pou batèm

Alyans ki fèt nan batèm

Batèm pou mò yo

Batèm pa pou timoun piti