Yon eksperyans Bondye bay moun pou montre yon bagay enpòtan rive oubyen pral rive byento nan travay li a. Nan dènye jou yo, pwofesi te fèt konsènan anpil siy pou Dezyèm Vini Sovè a. Siyal sa yo pèmèt moun ki fidèl yo rekonèt plan Bondye a, resevwa avètisman epi prepare yo.
Mòn kay Senyè a pral tabli sou tèt mòn yo, Eza. 2:2–3 .
Senyè a pral leve yon banyè pou l rasanble Izrayèl, Eza. 5:26 (2 Ne. 15:26–30 ).
Solèy la pral fè nwa epi lalin nan p ap kite limyè li klere, Eza. 13:10 (Jowèl 3:15 ; D&A 29:14 ).
Lèzòm pral transgrese lwa epi yo pral vyole alyans etènèl la, Eza. 24:5 .
Nefit yo pral pale tankou yon vwa ki soti nan pousyè a, Eza. 29:4 (2 Ne. 27 ).
Izrayèl pral rasanble avèk pouvwa, Eza. 49:22–23 (1 Ne. 21:22–23 ; 3 Ne. 20–21 ).
Bondye pral tabli yon wayòm ki p ap detwi, Dan. 2:44 (D&A 65:2 ).
Lagè, rèv, ak vizyon pral presede Dezyèm Vini an, Jowèl 2 .
Tout nasyon pral rasanble pou batay kont Jerizalèm, Zak. 14:2 (Ezek. 38–39 ).
Gen yon jou k ap vini ki pral boule tankou yon founo, Mal. 4:1 (3 Ne. 25:1 ; D&A 133:64 ; I—JS 1:37 ).
Gran kalamite pral presede Dezyèm Vini an, Mat. 24 (M—JS 1 ).
Pòl te dekri apostazi ak tan difisil nan dènye jou yo, 2 Tim. 3–4 .
De pwofèt pral mouri epi resisite nan Jerizalèm, Apok. 11 (D&A 77:15 ).
Ministè zanj pral retabli levanjil la nan dènye jou yo, Apok. 14:6–7 (D&A 13 ; 27 ; 110:11–16 ; 128:8–24 ).
Babilòn pral tabli epi li pral tonbe, Apok. 17–18 .
Izrayèl pral rasanble avèk pouvwa, 1 Ne. 21:13–26 (Eza. 49:13–26 ; 3 Ne. 20–21 ).
Sa se yon siy pou w kapab konnen epòk la, 3 Ne. 21:1 .
Pouvwa Bondye pral fè Liv Mòmon an parèt, Mòm. 8 .
Lamanit yo pral fleri, D&A 49:24–25 .
Mechan pral touye mechan, D&A 63:32–35 (Apok. 9 ).
Lagè pral devide sou tout nasyon, D&A 87:2 .
Siy, boulvèsman eleman yo, epi zanj pral prepare chemen an pou aparisyon Senyè a, D&A 88:86–94 .
Tenèb pral kouvri tè a, D&A 112:23–24 .
Senyè a te kòmande Sen yo pou yo prepare pou Dezyèm Vini an, D&A 133 .