Èd pou Etid
Doktrin ak Alyans yo


Doktrin ak Alyans yo

Yon koleksyon revelasyon diven ak deklarasyon diven nan dènye jou yo. Senyè a te bay Joseph Smith ak anpil lòt nan siksesè li yo pou tablisman ak fonksyonman wayòm Bondye a sou tè a nan dènye jou yo. Doktrin ak Alyans yo se youn nan ekriti prensipal Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ansanm avèk Bib la, Liv Mòmon an, ak Pèl Gran Pri a. Doktrin ak Alyans yo san parèy, poutèt li pa tradiksyon yon ansyen dokiman; Senyè a te bay pwofèt Li chwazi yo nan tan modèn sa a revelasyon sa a yo pou l kapab retabli wayòm ni an. Nan revelasyon yo, nou tande vwa Senyè Jezikri a ki dous men ki fèm (D&A 18:35–36).

Istwa Pwofèt Joseph Smith la te di konsa Doktrin ak Alyans yo se fondasyon Legliz nan dènye jou yo ak yon benefis pou mond lan (D&A 70:antèt). Revelasyon ki ladann yo entwodui travay pou prepare chemen an pou Dezyèm Vini Senyè a, pou akonpli tout pawòl pwofèt yo te pale depi mond lan te kòmanse.