Èd pou Etid
Padon


Padon

Jan yo itilize l nan ekriti yo jeneralman, padone siyifi de bagay: (1) Lè Bondye padone lèzòm, Li ranvwaye oubyen Li mete pinisyon peche a sou kote. Tout moun ki repanti kapab jwenn padon pou peche yo nan Ekspyasyon Kris la, eksepte moun ki koupab ansasen oubyen peche enpadonab kont Sentespri a. (2) Lè moun padone youn lòt, youn trete lòt avèk lanmou kretyenepi yo pa gen move santiman kont moun ki te ofanse yo (Mat. 5:43–45; 6:12–15; Lik 17:3–4; 1 Ne. 7:19–21).