Èd pou Etid
Elize


Elize

Yon pwofèt Ansyen Testaman nan Wayòm Nò Izrayèl la epi yon konseye konfyans wa ki te nan peyi sa a.

Elize te gen yon dispozisyon janti epi li te gen afeksyon, san espri fanatik sa a ki te tabli diferans ant limenm ak pwofesè l, Eli. Mirak remakab li yo (2 Wa 2–5; 8) temwaye li te reyèlman resevwa pouvwa Eli lè li te ranplase Eli kòm pwofèt (2 Wa 2:9–12). Pa egzanp, li te beni dlo yo anba yon sous anmè, li te divize dlo Rivyè Jouden an, li te miltipliye lwil yon vèv, li te resisite yon jèn gason anba lanmò, li te geri yon nonm ki te gen lèp, li te fè yon rach anfè flote, epi li te fè Siryen yo vin avèg (2 Wa 2–6). Ministè li te dire plis pase 50 ane pandan gouvènman Joram, Jei, Joakaz, ak Jòch.