Èd pou Etid
Lespri


Lespri

Pati nan yon èt vivan ki te egziste anvan nesans mòtèl la, ki abite nan kò fizik la pandan mòtalite a, epi ki egziste apre lanmò kòm yon èt separe jistan rezirèksyon an. Tout bagay vivan—limanite, animal, ak plant—yo te lespri anvan nenpòt kalite lavi te egziste sou tè a (Jen. 2:4–5; Moyiz 3:4–7). Kò lespri a sanble avèk kò fizik la (1 Ne. 11:11; Etè 3:15–16; D&A 77:2; D&A 129). Lespri a se matyè, men li pi rafine oubyen pi pwòp pase eleman mòtèl oubyen matyè (D&A 131:7).

Chak moun se yon pitit gason oubyen pitit fi literal Bondye, ki te fèt kòm yon lespri Paran Selès te fè anvan paran mòtèl te fè yo sou tè a (Ebre 12:9). Chak moun sou tè a gen yon kò espirityèl imòtèl akote chè ak zo a. Jan ekriti yo dekri sa kèk fwa, lespri a ak kò fizik la ansanm fòme nanm nan (Jen. 2:7; D&A 88:15; Moyiz 3:7, 9, 19; Abr. 5:7). Yon lespri kapab viv san yon kò fizik, men yon kò fizik pa kapab viv san lespri a (Jak 2:26). Lanmò fizik se separasyon lespri a ak kò a. Nan Rezirèksyon an, lespri a reyini avèk menm kò fizik lachè ak zo li te posede lè li te mòtèl la, avèk de diferans kapital: yo p ap janm separe ankò, epi kò fizik la pral vin imòtèl epi pafè (Alma 11:45; D&A 138:16–17).

Move lespri