Èd pou Etid
Repantans, repanti


Repantans, repanti

Yon chanjman santiman ak kè ki pote yon nouvo atitid lanmou anvè Bondye, pou tèt pa yon moun, epi anvè lavi a jeneralman. Repantans vle di yon moun vire do bay mal epi li vire kè l ak volonte l bay Bondye, soumèt tèt li devan kòmandman ak volonte Bondye epi abandone peche l. Vrè repantans vini nan lanmou yon moun genyen pou Bondye ak yon anvi sensè pou l obeyi kòmandman Li yo. Tout moun ki gen laj rezon fè peche epi yo dwe repanti pou yo kapab pwogrese ale nan sali. Se sèlman akoz Ekspyasyon Jezikri a repantans nou kapab reyalize epi Bondye kapab aksepte l.