Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 67


Seksyon 67

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Hiram, Ohio, nan kòmansman Novanm 1831. Okazyon an sete yon konferans espesyal, epi yo t ap anvizaje piblikasyon revelasyon yo Pwofèt la te deja resevwa nan men Senyè a (gade nan antèt seksyon 1 an). William W. Phelps te fèk etabli biwo laprès pou enprime bagay Legliz yo nan Independence, Missouri. Yo te deside nan konferans la pou pibliye revelasyon ki te nan Book of Commandments yo epi pou yo te enprime 10.000 kopi (ki, poutèt difikilte yo pa t prevwa alavans, te redui a 3.000 kopi nan apre). Anpil nan frè yo te rann temwayaj solanèl pou fè konnen revelasyon yo ki te konpile pou piblikasyon lè sa a, te vrè, jan Sentespri ki te vide sou yo a te temwaye. Istwa Joseph Smith la rapòte ke apre l te fin resevwa revelasyon ki nan seksyon 1 an, te gen kèk konvèsasyon negatif konsènan langaj ki te itilize nan revelasyon yo. Revelasyon sa a te vini apre sa.

1–3, Senyè a tande priyè ansyen yo epi l voye je sou yo; 4–9, Li bay moun ki pi saj la defi pou l pwodui yon revelasyon ki parèy ak pi piti nan revelasyon Li yo; 10–14, Lespri a pral chanje ansyen ki fidèl yo epi yo pral wè figi Bondye.

1 Gade epi koute, noumenm aansyen yo ki nan Legliz mwen an, ki rasanble ansanm, m te tande priyè nou yo, epi m konnen kè nou, epi dezi nou te monte devan mwen.

2 Gade, aje m sou nou, epi syèl la ak tè a nan men mwen, epi richès letènite yo se pa m pou m bay.

3 Nou te prese kwè, nou dwe resevwa benediksyon m te ofri nou yo; men, gade, an verite, m di nou te gen alakrent nan kè nou, epi an verite, se poutèt rezon sa a nou pa t resevwa.

4 Epi kounyeya, mwen menm Senyè a, m ba nou yon atemwayaj konsènan verite ki nan kòmandman sa yo ki plase devan nou yo.

5 Je nou te sou sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, nou te konnen alangaj li, epi nou te konnen enpèfeksyon l yo, epi nou te chèche konesans nan kè nou pou nou kapab eksprime pi byen pase langaj li; epi nou te konnen bagay sa a tou.

6 Kounyeya, chèche nan Liv Kòmandman yo, chèche menm pi piti ki pami yo a, epi chwazi moun ki pi asaj pami nou an;

7 Oubyen, si gen nenpòt moun pami nou ki kapab fè youn tankou l, lè sa a n ap jistifye pou nou di nou pa konnen yo se verite;

8 Men, si nou pa kapab fè youn tankou l, nou anba kondanasyon si nou pa arann temwayaj pou fè konnen yo se verite.

9 Paske, nou konnen pa gen enjistis ladan yo, epi bagay ki ajis soti anlè a, nan men Papa blimyè yo.

10 Epi ankò, an verite, m di nou, se privilèj nou, epi nou ki te òdone pou ministè sa a ki fè konnen, m fè yon pwomès si toutotan nou debarase nou avèk ajalouzi ak blakrent, epi nou gen cimilite devan mwen, paske, nou pa gen ase imilite, dvwal la ap ekate epi n ap e m epi n ap konnen m egziste—se pa avèk panse chanèl ni natirèl, men, avèk panse espirityèl.

11 Paske, okenn amoun nan okenn epòk pa wè Bondye nan kò fizik la, san Lespri Bondye pa chanje l.

12 Ni tou, okenn moun anatirèl pa kapab reziste nan prezans Bondye, ni avèk panse chanèl.

13 Nou pa kapab reziste nan prezans Bondye kounyeya, ni ministè zanj yo; sepandan, kontinye nan apasyans jistan nou vin bpafè.

14 Pa kite panse nou yo tounen dèyè; epi lè nou adiy, lè tan pa m rive, nou pral wè epi nou pral konnen bagay ki te konfere sou nou anba men sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, a. Amèn.