Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 114


Seksyon 114

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Far West, Missouri, 11 Avril 1838.

1–2, Nan legliz la y ap wete pozisyon moun ki pa fidèl yo pou bay lòt moun.

1 An verite Senyè a di: Li saj pou sèvitè m nan, David W. Patten ta ranje tout zafè l sito l kapab, epi pran yon desizyon ak machandiz li, pou l kapab fè yon misyon pou mwen nan prentan k ap vini an, an konpayi lòt moun, douz moun menm ansanm avèk tèt pa li, pou temwaye non mwen epi pou pote bon nouvèl bay mond lan.

2 Paske an verite Senyè a di, toutotan gen moun pami nou ki nye non mwen, m ap amete lòt moun nan bplas yo epi y ap resevwa apèl nan episkopa yo. Amèn.