Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 22


Seksyon 22

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Manchester, New York, 16 Avril 1830. Legliz la te resevwa revelasyon sa a kòm konsekans pou kèk moun ki te deja batize epi ki te vle vin manm Legliz la san yo pa rebatize.

1, Batèm se yon nouvo alyans etènèl; 2–4, Se yon moun ki gen otorite ki dwe fè batèm.

1 Gade m di nou, m te fini avèk tout aansyen alyans yo nan domèn sa a; epi sa se yon bnouvo alyans etènèl, menm alyans ki te la depi nan kòmansman an.

2 Se poutèt sa, menm si yon moun ta batize san fwa deja, sa pa itil li anyen, pase nou pa kapab antre nan pòt etwat la avèk alalwa Moyiz la, ni tou avèk move bzèv nou yo.

3 Paske se poutèt move zèv nou yo m te fè bati dènye alyans sa a ak legliz sa a pou mwen, menm jan sa te fèt nan tan lontan an.

4 Se poutèt sa, antre nan apòt la, jan m kòmande l la, epi pa bchèche bay Bondye w la konsèy. Amèn.