Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 131


Seksyon 131

Enstriksyon Joseph Smith, Pwofèt la te bay nan Ramus, Illinois, 16 ak 17 Me 1843.

1–4, Maryaj selès esansyèl pou egzaltasyon nan pi wo degre syèl la; 5–6, Yo esplike kòman lèzòm kapab sele pou lavi etènèl; 7–8, Tout lespri se matyè.

1 Nan laglwa aselès la gen twa syèl oubyen degre;

2 Pou jwenn api wo degre a, yon nonm dwe antre nan lòd sa a ki nan prètriz la [ki vle di bnouvo alyans etènèl maryaj la];

3 San sa li pa kapab jwenn li.

4 Li kapab antre nan lòt la, men, se la wayòm li an fini; li pa kapab agrandi.

5 (Me 17, 1843.) Pawòl apwofesi ki pi asire a vle di yon moun konnen li bsele pou clavi etènèl, nan revelasyon ak lespri pwofesi, pa mwayen pouvwa Prètriz Sen an.

6 Li enposib pou yon moun asove nan biyorans.

7 Matyè imateryèl pa egziste. Tout alespri se matyè, sepandan, li pi rafine oubyen pi, epi se sèlman je ki bpi tout bon an ki kapab wè l.

8 Nou pa kapab wè l; men, lè kò nou pirifye, n ap wè li se matyè.