Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 134


Seksyon 134

Yon deklarasyon kwayans konsènan gouvènman ak lalwa an jeneral, ki te adopte pa mwayen vòt jeneral nan yon asanble jeneral Legliz la ki te fèt nan Kirtland, Ohio, 17 Out 1835. Anpil Sen te rasanble ansanm pou yo te konsidere sa ki te nan premye edisyon Doktrin ak Alyans yo. Nan epòk sa a, yo te resevwa deklarasyon sa a avèk prefas sa a: “Pou moun pa mal entèprete ni mal konprann kwayans nou konsènan gouvènman terès yo ak lalwa yo an jeneral, nou te panse sa apwopriye pou nou prezante, nan finisman liv sa a, opinyon nou konsènan bagay sa a.”

1–4, Gouvènman yo ta dwe prezève libète konsyans ak libète adorasyon; 5–8, Tout moun dwe kore gouvènman pa yo epi montre respè ak obeyisans pou lalwa yo; 9–10, Legliz yo Sosyete relijyon pa ta dwe egzèse pouvwa sivil; 11–12, Lèzòm jistifye nan defann tèt yo ak pwopriyete yo.

1 Nou kwè se Bondye ki te tabli agouvènman pou benefis lòm; epi li rann lèzòm bresponsab pou aksyon yo an relasyon avèk gouvènman ak lalwa yo, ni lè y ap tabli ak lè y ap administre lalwa yo, pou byen ak sekirite sosyete a.

2 Nou kwè okenn gouvènman pa kapab egziste nan lapè, eksepte si lalwa yo aplike epi san yo pa vyole yo pou pèmèt chak moun egzèse yon akonsyans ki blib, dwa pou l kontwole pwopriyete li, ak cpwoteksyon lavi li.

3 Nou kwè tout gouvènman gen nesesite pou yo bezwen aofisye sivil ak majistra pou fè aplike lalwa li yo; epi yo ta dwe chèche moun pou administre lalwa yo egalego epi avèk lajistis epi vwa pèp la dwe aksepte yo si se yon repiblik oubyen volonte souveren an.

4 Nou kwè se Bondye ki tabli relijyon; epi lèzòm gen kont pou yo rann li, sèlman li menm, pou pratik relijyon, eksepte si relijyon yo a enspire yo pou yo pran pye sou dwa ak libète lòt moun; men, nou pa kwè lalwa lèzòm gen dwa pou mele nan zafè preskri règ pou aadorasyon pou mare konsyans lèzòm, ni pou dikte fòm pou devosyon piblik oubyen prive; majistra sivil yo dwe anpeche krim, men, jamè kontwole konsyans; yo ta dwe pini tò, men, jamè toufe libète nanm moun.

5 Nou kwè lèzòm gen obligasyon pou yo soutni epi pou yo kore gouvènman pa yo kote yo rete a, toutotan gouvènman sa a ap pwoteje yo nan dwa sakre yo eritye; epi dezòd ak arebelyon pa dezirab pou okenn sitwayen ki pwoteje konsa, epi yo ta dwe pini si yo fè sa; epi tout gouvènman gen dwa pou aktive lalwa konsa daprè jan pwòp jijman pa yo kalkile ki nan sekirite enterè piblik; nan menm tan an, pou yo konsidere libète konsyans kòm sakre.

6 Nou kwè chak moun dwe jwenn onè nan pozisyon pa l, kòm dirijan, ak majistra, paske yo plase pou pwoteje inosan ak pini moun ki koupab; epi tout moun dwe gen respè ak konsiderasyon pou alalwa yo, paske san lalwa yo anachi ak dezòd t ap pran pye sou lapè ak amoni; paske lalwa lèzòm yo tabli nan objektif menm pou mete an règ enterè nou kòm endividi ak nasyon, ant moun ak moun; epi lalwa diven yo soti nan syèl, yo preskri règ sou zafè espirityèl, pou lafwa ak adorasyon, pou tou de bagay sa yo lòm dwe rann Kreyatè yo a kont.

7 Nou kwè, dirijan, leta ak gouvènman gen dwa, epi yo gen obligasyon pou egzèse lalwa pou pwoteksyon tout sitwayen nan egzèsis lib konsènan kwayans relijyon yo; men, nou pa kwè yo gen dwa daprè lajistis pou yo wete privilèj sa a nan men sitwayen yo, oubyen pou yo defann yo gen opinyon yo, toutotan sitwayen yo montre respè ak reverans pou lalwa yo epi opinyon relijye sa yo pa jistifye divizyon ni konspirasyon.

8 Nou kwè lè moun komèt krim, lalwa gouvènman kote yo rete a ta dwe apini yo, daprè kalite ofans la; tankou asasina, trayizon, vòl, ak twouble lapè piblik, nan tout sans, ta dwe pini daprè enpòtans yo ak tandans yo genyen pou fè mal pami lèzòm; epi pou lapè piblik ak trankilite, tout moun ta dwe avanse epi itilize kapasite yo pou yo mennen moun ki vyole lalwa ki jis yo nan kondanasyon.

9 Nou pa kwè li jis pou melanje enfliyans relijyon avèk gouvènman sivil, kote yon sosyete relijye gen avantaj epi yon lòt pèdi nan privilèj espirityèl li, epi yo nye dwa manm ki ladan yo kòm sitwayen.

10 Nou kwè tout sosyete relijye gen dwa regle avèk manm yo pou konduit dezòdone, daprè lalwa ak regleman sosyete a; depi regleman sa a se pou fratènite ak bon konduit; men, nou pa kwè okenn sosyete relijye gen otorite pou jije lèzòm sou dwa pwopriyete oubyen lavi, pou pran byen mond sa a nan men yo, oubyen pou mete lavi yo an danje oubyen yon pati nan kò yo, oubyen pou aflije yo anba nenpòt pinisyon fizik. Yo kapab sèlman aekskominye yo nan sosyete a, epi yo kapab pa fratènize ak yo.

11 Nou kwè lèzòm dwe fè apèl ak lalwa sivil pou repare tout tò ak enjistis, kote ki gen domaj pèsonèl, nan dwa pwopriyete oubyen nan sal repitasyon, kote lalwa sa yo egziste pou pwoteje moun sa yo; men, nou kwè tout moun jistifye pou yo defann tèt yo, zanmi yo, ak pwopriyete yo, ak gouvènman yo anba move kou ak agresyon ak tout moun nan tan macheprese, kote yo pa kapab fè apèl ak lalwa pou defann yo, oubyen pou yo jwenn sekou.

12 Nou kwè li jis pou apreche levanjil la devan nasyon yo ki sou tè a, pou avèti moun ki jis yo pou sove tèt yo anba koripsyon mond lan; men, nou pa kwè li jis pou nou mele nan zafè rèstavèk-sèvant, ni preche yo levanjil la, ni batize yo kont volonte mèt yo, ni mete bouch nan zafè yo oubyen enfliyanse yo menm yon ti kras pou lakòz yo pa satisfè avèk sitiyasyon yo nan lavi sa a, epi pou mete lavi lèzòm an danje; nou kwè entèferans konsa ilegal epi li pa jis, epi li danje pou lapè chak gouvènman ki pèmèt moun yo rete nan sèvitid.