Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 125


Seksyon 125

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Nauvoo, Illinois, Mas 1841, konsènan Sen yo ki nan teritwa Iowa a.

1–4, Sen yo dwe bati vil pou yo rasanble nan pye Siyon yo.

1 Kisa ki volonte Senyè a konsènan sen yo ki nan teritwa Iowa a?

2 An verite, Senyè a di, m di w, si moun ki apote non mwen yo epi k ap eseye vin tounen sen mwen yo, si yo vle fè volonte m epi si yo respekte kòmandman m yo pou tèt pa yo, se pou yo rasanble tèt yo ansanm nan plas m te tabli pou yo pa mwayen sèvitè m nan, Joseph la, epi pou yo bati vil nan non mwen, pou yo kapab prepare pou sa ki rezève pou tan k ap vini.

3 Se pou yo bati yon vil nan non mwen sou tè ki anfas avèk vil Nauvoo a, epi se pou yo mete non aZarayemla sou li.

4 Epi Senyè a di, se pou tout moun ki soti nan lès, ak nan lwès, ak nan nò, ak nan sid, ki vle abite nan vil sa a, pran eritaj ladan l, tankou nan vil aNashville la, oubyen vil Nauvoo a, ak tout bpye m tabli yo.