Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 36


Seksyon 36

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Edward Partridge, pre Fayette, New York, 9 Desanm 1830. (gade antèt seksyon 35 la.) Istwa Joseph Smith la di konsa Edward Partridge “se te yon modèl pyete, epi li se te youn nan gwo gason Senyè a yo.”

1–3, Senyè a enpoze men L sou Edward Partridge atravè men Sidney Rigdon; 4–8, Chak gason ki resevwa levanjil la ak prètriz la resevwa apèl pou l ale epi pou l preche.

1 Senyè Bondye a, aToupisan Izrayèl la di konsa: Gade, m di ou, sèvitè m nan bEdward, ou beni, epi peche ou yo padone, epi ou resevwa apèl pou ou preche levanjil mwen an tankou se te avèk son yon twonpèt;

2 Epi m ap enpoze amen m sou ou pa mwayen men sèvitè m nan, Sidney Rigdon, epi w ap resevwa Lespri m, Sentespri a, bKonsolatè a menm, sila a ki pral ansenye ou bagay cpèzib wayòm nan.

3 Epi nou dwe deklare l avèk yon vwa fò, nou dwe di: Ozana, beniswa non Bondye Ki Pi Wo a.

4 Epi kounyeya se apèl ak kòmandman m ba nou konsènan tout moun—

5 Pou tout moun ki vini devan sèvitè m yo, Sidney Rigdon ak Joseph Smith, ki anbrase apèl sa a ak kòmandman m yo resevwa aòdinasyon epi pou yo voye yo ale bpreche levanjil etènèl la devan nasyon yo—

6 Kriye repantans, di konsa: aSove tèt nou anba jenerasyon kwochi sa a, epi soti nan dife a, rayi menm brad ki sal anba kò fizik yo.

7 Epi ansyen yo ki nan legliz mwen an dwe resevwa kòmandman sa a, pou nenpòt moun ki anbrase l avèk yon sèl kè kapab resevwa òdinasyon epi pou yo voye yo, menm jan m te pale a.

8 M se Jezikri, Pitit Gason Bondye a; se poutèt sa, mare senti nou epi m ap vini nan atanp mwen an soudènman. Se sa menm. Amèn.