Seksyon 126
Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa lakay Brigham Young, nan Nauvoo, Illinois, 9 Jiyè 1841. Brigham Young te fèk retounen al jwenn fanmi li nan Nauvoo apre yon misyon prèske de ane nan Angletè.
1–3, Brigham Young jwenn konpliman pou travay li epi yo wete l anba obligasyon pou l vwayaje nan peyi etranje a lavni.
1 Chè frè byenneme m nan, Brigham Young, an verite Senyè a di ou: Sèvitè m nan, Brigham, ou pa oblije kite fanmi ou yo ankò jan ou te konn fè a, paske ofrann ou an akseptab devan mwen.
2 M wè travay ou ak sakrifis ou nan vwayaj pou non mwen.
3 Se poutèt sa m kòmande ou pou ou voye pawòl mwen ale tout kote, epi pou ou bay fanmi ou swen espesyal depi kounyeya epi pou tout tan. Amèn.