Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 135


Seksyon 135

Anons asasina Joseph Smith, Pwofèt la, ak frè li a, Hyrum Smith, Patriyach la, nan Carthage, Illinois, 27 Jen 1844. Yo te mete dokiman sa a nan fen edisyon 1844 Doktrin ak Alyans yo, ki te prèske pare pou piblikasyon lè yo te asasinen Joseph ak Hyrum Smith nan.

1–2, Joseph ak Hyrum mouri matirize nan prizon Carthage; 3, Pozisyon Pwofèt la nan lavni devwale; 4–7, San inosan yo temwanye konsènan verite ak divinite travay la.

1 Pou sele temwayaj liv sa a ak Liv Mòmon an, nou anonse lanmò anba amati bJoseph Smith, Pwofèt la, ak Hyrum Smith, Patriyach la. Moun te tire yo nan prizon cCarthage la, 27 Jen 1844, anviwon senkè nan aprè midi, sete yon bann chimè ki te gen zam—pentire an nwa—ki te gen anviwon 150 jiska 200 moun ki te touye yo. Yo te tire dHyrum an premye epi l te tonbe dousman, li te di: M se yon moun mouri! Joseph te brete soti bò fenèt la, epi yo te tire l rèd menm moman an, li te di konsa: O Senyè Bondye mwen an! Yo te tire tou lède ankò apre yo te fin mouri, nan yon fason brital, epi yo toulède te resevwa kat bal.

2 aJohn Taylor ak Willard Richards, pami Douz yo, te sèl moun ki te nan sal la lè sa a; John Taylor te blese nan yon fason sovaj anba kat bal, men, li te vin geri nèt apre sa; Willard Richards te chape avèk pwovidans Bondye, san menm yon twou nan rad li.

3 Joseph Smith, aPwofèt ak bvwayan Senyè a, fè plis pou sali lèzòm nan mond sa a, pase nenpòt lòt moun ki te janm viv sou planèt sa a, eksepte Jezi sèlman. Nan yon ti espas kout ventan, li vini avèk Liv Mòmon an, li te tradui l avèk don epi avèk pouvwa Bondye, epi li pèmèt li pibliye nan de kontinan; li voye cplenitid levanjil etènèl la ki nan liv la, nan kat kwen tè a; li te vini avèk revelasyon ak kòmandman yo ki konpoze liv Doktrin ak Alyans yo sa a, ak anpil lòt dokiman saj ak enstriksyon pou benefis pitit lèzòm; li te rasanble anpil milye Sen Dènye Jou, li te fonde yon gwo dvil, epi l te kite yon popilarite ak yon non moun pa kapab asasinen. Li te viv gran, epi li te mouri gran devan je Bondye ak pèp li a; epi tankou pifò nan pami moun Senyè a te chwazi nan ansyen tan yo, li te sele misyon l ak travay li avèk pwòp esan pa li; epi Hyrum, frè li a tou. Nan lavi a yo pa t divize, epi nan lanmò yo pa t separe!

4 Lè Joseph t ale nan Carthage pou l livre tèt li anba pretandi reklamasyon lalwa a, de oubyen twa jou anvan yo te asasinen l la, li te di: “M prale tankou yon ti amouton nan labatwa; men, m kal tankou yon maten ete; m gen yon konsyans ki klè, san ofans kont Bondye, epi kont tout moun. M ap mouri inosan, epi moun pral di konsènan mwen—yo te asasinen l avèk sanfwa.”—Menm jou maten an, apre Hyrum te fin prepare pou l ale—èske nou ta dwe di pou l ale jwenn asasen an? Wi, paske se sa menm li te fè?—li te li paragraf sa a, prèske nan finisman douzyèm chapit Liv Etè a, nan Liv Mòmon an, epi li te pliye paj la nan chapit la:

5 Epi se te konsa m te priye Senyè a pou l ba Janti yo lagras, pou yo ka gen charite. Epi se te konsa Senyè a te di m: Si yo pa gen charite sa pa fè m anyen, yo te fidèl; se te poutèt sa rad ou yo ap vin apwòp. Epi paske ou wè feblès ou, w ap vin fò, menm pou chita nan plas m te prepare nan kay papa m yo. Epi kounye a m … di Janti yo adye; wi, ak frè m yo m renmen anpil tou, jiskaske nou rankontre devan fotèy-bjijman Kris la, kote tout moun ap konnen rad mwen yo pa tache ak san ou. Kounye a ctemwen yo mouri, epi testaman yo toujou la.

6 Hyrum Smith te gen karann kat ane an Fevriye 1844, epi Joseph Smith te gen trant yuit an Desanm 1843; epi depi lè sa a non yo pral klase pami moun ki mouri matirize poutèt relijyon; epi sa pral pouse moun nan chak nasyon yo Liv Mòmon an, ak liv Doktrin ak Alyans legliz la, te koute pri pi bon san nan diznevyèm syèk la pou sali moun depafini an; epi si dife a kapab limen yon apyebwa vèt pou laglwa Bondye, nou pa bezwen mande kòman l ap pi fasil pou l boule pyebwa sèch la, pou l kapab pirifye jaden koripsyon an. Yo te viv pou laglwa; epi laglwa se rekonpans etènèl yo. Depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon non yo pral pase nan posterite tankou bijou pou moun ki sanktifye.

7 Yo te inosan vizavi tout krim, jan yo te pwouve souvan anvan sa, epi sete sèlman konspirasyon moun ki trèt ak ki mechan ki te fèmen yo nan prizon; epi san yo ki inosan sou planche prizon Carthage la se yon gran so ki plake pou Mòmonis okenn tribinal sou tè a pa kapab rejte, epi san yo ki inosan nan anblèm Eta Illinois la, avèk trayizon Eta a kòm yon fo pwomès gouvènè a te fè, se yon temwayaj konsènan verite levanjil etènèl la tout mond lan pa kapab kontrekare; epi san yo ki inosan sou banyè libète a, ak sou Magna Charta peyi Etazini an, se yon anbasadè pou relijyon Jezikri a, ki pral touche kè moun ki onèt nan tout nasyon; epi san yo ki inosan ansanm avèk san tout moun inosan ki mouri matirize yo sou alotèl Jan te wè a, pral kriye devan Senyè tout Lame yo jistan li vanje san sa a sou tè a. Amèn.