Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 26


Seksyon 26

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la, Oliver Cowdery, ak John Whitmer te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, Jiyè 1830 (gade nan antèt seksyon 24 la).

1, Yo resevwa enstriksyon pou yo etidye ekriti yo epi pou yo preche; 2, Lalwa konsantman jeneral la te afime.

1 Reyèlman, m di nou nou dwe konsakre tan nou pou nou aetidye ekriti yo, pou nou preche, epi pou nou konfime legliz bColesville la, epi pou nou akonpli travay nou nan peyi a, jan sa dwe ye a, jistan nou ale nan lwès pou nou fè konferans k ap vini an; epi apre sa, m ap fè konnen sa nou dwe fè.

2 Epi tout bagay dwe fèt daprè akonsantman jeneral nan legliz la, avèk anpil priyè epi avèk lafwa, paske n ap resevwa tout bagay avèk lafwa. Amèn.