Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 95


Seksyon 95

Revelasyon Joseph Smith Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 1e Jen 1833. Revelasyon sa a se kontinyasyon direksyon diven pou bati yon kay adorasyon ak enstriksyon, kay Senyè a (gade seksyon 88:119–136).

1–6, Sen yo chatye poutèt yo pa bati kay Senyè a; 7–10, Senyè a vle itilize kay Li a pou dote pèp Li a avèk pouvwa ki soti anwo; 11–17, Kay la dwe dedye kòm yon plas pou adorasyon epi pou lekòl Apot yo.

1 An verite, Senyè a di nou menm mwen renmen yo konsa, epi moun mwen renmen m achatye tou pou peche yo kapab bpadone, paske avèk chatiman an m prepare wout pou cdelivrans yo nan tout bagay pou yo soti nan dtantasyon, epi m renmen nou—

2 Se sa ki fè, m dwe chatye nou epi nou merite gen repwòch devan je m;

3 Paske nou te fè yon peche ki grav anpil kont mwen, paske nou pa t konsidere gwo kòmandman an nan tout bagay, kòmandman m te ba nou pou nou bati akay mwen an;

4 Pou preparasyon m te planifye pou prepare apot mwen yo pou anetwaye pye rezen m nan pou dènye fwa, pou m kapab reyalize aksyon betranj mwen an, pou m kapab cvide Lespri m sou tout lachè—

5 Men gade, an verite m di nou, te gen anpil moun ki te òdone pami nou, moun m te aple, men, m te sèlman achwazi kèk.

6 Moun m pa t chwazi yo te fè yon peche ki grav anpil, paske yo mache nan atenèb nan mitan lajounen.

7 Epi se pou rezon sa a m ba nou yon kòmandman pou nou rele aasanble solanèl nou an, pou bjèn nou yo ak lamantasyon nou yo kapab monte nan zòrèy Senyè Tout cLame yo, ki vle di kòm entèpretasyon, dkreyatè premye jou a, kòmansman an ak finisman an.

8 Wi, an verite m di nou, m ba nou yon kòmandman pou nou bati yon kay, yon kay m te planifye pou adote moun m te chwazi yo avèk pouvwa ki soti anwo;

9 Paske se apwomès Papa a fè nou; se poutèt sa m kòmande nou pou nou rete, menm jan apot mwen yo te ye nan Jerizalèm.

10 Sepandan, Senyè nou di, sèvitè m yo te fè yon peche ki grav anpil; epi achirepit te leve nan blekòl pwofèt yo; ki te grav anpil pou mwen; se poutèt sa m te voye yo pou sibi chatiman.

11 An verite m di nou, se volonte m pou nou bati yon kay. Si nou respekte kòmandman m yo n ap gen pouvwa pou nou bati l.

12 Si nou pa arespekte kòmandman m yo, blanmou Papa a p ap kontinye avèk nou, se poutèt sa nou pral mache nan tenèb.

13 Kounyeya men lasajès, ak panse Senyè a—se pou kay la bati, se pa nan fason mond lan, paske m pa kòmande nou pou nou viv daprè fason mond lan;

14 Se poutèt sa, se pou l bati daprè fason m pral montre twa moun pami nou, moun nou pral lonmen epi òdone nan pouvwa sa a.

15 Epi gwosè l dwe mezire senkannsenk pye nan lajè, se pou l swasann-senk pye nan longè, nan chanm andedan an.

16 Senyè a di nou, epi se pou pati ki pi ba a, nan chanm andedan an dedye pou mwen pou nou ofri sakreman nou, epi pou predikasyon nou, ak jèn nou, ak priyè nou, epi pou nou aofri dezi ki pi sen nou yo devan m.

17 Epi se pou pati ki pi wo nan chanm andedan an dedye pou mwen kòm lekòl pou apot mwen yo, se sa Pitit Gason aAman nan; oubyen otreman di, Alfous; oubyen otreman di, Omegis; Jezikri bSenyè nou an di. Amèn.