Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 84


Seksyon 84

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 22 ak 23 Septanm 1832. Pandan mwa Septanm nan, èldè yo te kòmanse retounen soti nan misyon yo nan eta lès yo pou yo bay rapò travay yo. Se pandan yo te ansanm nan moman lajwa sa a yo te resevwa kominikasyon sa a. Pwofèt la te deklare se yon revelasyon sou prètriz la.

1–5, Nouvo Jerizalèm nan ak tanp la pral bati nan Missouri; 6–17, Liy prètriz la depi nan Moyiz lajis nan Adan; 18–25, Pi gran prètriz la gen kle konesans Bondye; 26–32, Pi piti prètriz la gen kle administrasyon zanj yo ak levanjil preparatwa a; 33–44, Lèzòm jwenn lavi etènèl pa mwayen sèman ak alyans prètriz la; 45–53, Lespri Kris la klere lèzòm, epi mond lan rete nan peche; 54–61, Sen yo dwe temwaye konsènan bagay sa yo yo resevwa a; 62–76, Yo dwe preche levanjil la, epi siy ap vini apre; 77–91, Ansyen yo dwe ale san bous oubyen san sak, epi Senyè a ap pran swen yo; 92–97, Epidemi ak malediksyon ap rete tann moun ki rejte levanjil la; 98–102, yo resevwa nouvo chan redanmsyon Siyon an; 103–110, Se pou chak moun kanpe nan pwòp ofis li epi pou l travay nan pwòp apèl pa li; 111–120, Sèvitè Senyè a yo dwe pwoklame abominasyon ki soti ran dezolasyon dènye jou yo.

1 Yon revelasyon Jezikri te bay sèvitè li a, Joseph Smith, pitit la, ak sis ansyen, pandan yo te ini kè yo epi yo te leve vwa yo anlè.

2 Wi, pawòl Senyè a konsènan legliz li a, ki te etabli nan dènye jou yo pou retabli pèp li a, jan l te pale pa lantremiz bouch pwofèt li yo, epi pou rasanbleman sen li yo pou kanpe sou mòn Siyon, ki pral devni vil Nouvo Jerizalèm nan.

3 Vil sa a pral bati, pou kòmanse sou pwopriyete tanp la, ki te make avèk dwèt Senyè a, nan fwontyè lwès Eta Missouri a, epi dedikase anba men Joseph Smith, pitit la, ak lòt moun ki te fè Senyè a plezi anpil.

4 Anverite, se pawòl Senyè a, pou vil Nouvo Jerizalèm nan bati avèk rasanbleman sen yo, pou kòmanse nan plas sa a, plas tanp la, menm tanp ki pral bati nan jenerasyon sa a.

5 Paske anverite jenerasyon sa a p ap pase anvan yon kay bati pou Senyè a, epi yon nyaj pral repoze sou li, nyaj sa a se ap laglwa Senyè a menm ki pral ranpli kay la.

6 Epi pitit gason Moyiz yo, daprè Prètriz Sen li te resevwa anba men bòpè li a, Jetwo;

7 Epi Jetwo te resevwa l anba men Kalèb;

8 Epi Kalèb te resevwa l anba men Elihu;

9 Epi Elihu anba men Jeremi;

10 Epi Jeremi anba men Gad;

11 Epi Gad anba men Ezayas;

12 Epi Ezayas te resevwa l anba men Bondye.

13 Ezayas te viv nan epòk Abraram nan tou, epi Abraram te beni l—

14 Abraram sa a ki te resevwa prètriz la nan men Mèlkisedèk, ki te resevwa l pa mwayen liyaj papa li yo, menm jouk nan Noye;

15 Epi depi nan Noye jouk nan Enòk pa mwayen liyaj papa yo;

16 Epi depi nan Enòk jouk nan Abèl, ki te mouri anba konspirasyon frè li a, ki te resevwa prètriz la avèk kòmandman Bondye yo, anba men papa li, Adan, ki te premye òm—

17 Prètriz sa a te kontinye nan legliz Bondye a nan tout jenerasyon yo, epi li san kòmansman jou ni finisman ane yo.

18 Epi Senyè a te konfime yon prètriz sou Aawon ak desandan l yo tou, nan tout jenerasyon yo, prètriz sa a kontinye tou, epi li rete pou tout tan avèk prètriz ki daprè lòd ki pi sen Bondye a.

19 Epi pi gran prètriz sa a administre levanjil la epi l kenbe kle mistè wayòm nan yo, kle konesans Bondye a menm.

20 Se poutèt sa, pouvwa Bondye a manifeste nan òdonans prètriz la yo.

21 Epi san òdonans prètriz la yo, ak otorite prètriz la, pouvwa Bondye pa manifeste pou lèzòm nan kò fizik yo;

22 Paske san sa, pèsonn moun pa kapab wè figi Bondye, Papa a menm, epi pou l viv.

23 Kounyeya, Moyiz te ansenye pitit Izrayèl yo sa nan dezè a byen klè, epi l te chèche avèk dilijans pou l sanktifye pèp li a pou yo te kapab kontanple fas Bondye;

24 Men, yo te fè kè yo di epi yo pa t kapab sipòte prezans li; se poutèt sa, Senyè a nan kòlè li, paske kòlè l te limen kont yo, li te sèmante pou yo pa antre nan repo li pandan yo te nan dezè a, repo sa a ki se laglwa li toutantye.

25 Se poutèt sa, li te wete Moyiz nan mitan yo, ak Prètriz Sen an tou;

26 Epi pi piti prètriz la te kontinye, prètriz sa a ki kenbe kle administrasyon zanj yo ak levanjil preparatwa a;

27 Levanjil sa a ki se levanjil repantans la ak batèm, ak padon peche, ak lalwa kòmandman nan lachè yo, Senyè a nan kòlè li te fè kay Aawon an kontinye pami pitit Izrayèl jouk nan tan Jan an, Bondye te leve a, ki te ranpli avèk Sentespri a depi nan vant manman l.

28 Paske li te batize pandan li te toujou nan anfans li, epi yon zanj Bondye te òdone l nan pouvwa sa a pandan l te gen laj yui jou, pou l chavire wayòm Juif yo, epi pou l aplani chemen Senyè a devan fas pèp li a, pou prepare yo pou aparisyon Senyè a, nan men limenm ki te resevwa tout pouvwa a.

29 Epi ankò, ofis ansyen ak evèk yo se branch nesesè yo ki pati gran prètriz la.

30 Epi ankò, ofis enstriktè ak dyak yo se branch nesesè yo ki fè pati Prètriz ki piti a, prètriz sa a ki te konfime sou Aawon ak pitit gason l yo.

31 Se poutèt sa, jan m te pale konsènan pitit gason Moyiz yo—paske pitit gason Moyiz yo ak pitit gason Aawon yo tou pral ofri yon ofrann ak yon sakrifis akseptab nan kay Senyè a, kay sa a ki pral bati pou Senyè a nan jenerasyon sa a, sou anplasman konsakre m te chwazi a—

32 Epi pitit gason Moyiz yo ak pitit gason Aawon yo pral chaje avèk laglwa Senyè a, sou Mòn Siyon a nan kay Senyè a, de moun sa yo nou se pitit yo a; epi tout moun m te aple epi m te voye ale bati legliz mwen an.

33 Paske nenpòt moun ki fidèl pou jwenn de prètriz sa yo m te pale a epi ki mayifye apèl yo, Lespri a sanktifye yo pou kò yo kapab renouvle.

34 Yo vin tounen pitit gason Moyiz ak Aawon epi desandan Abraram, ak legliz la ak wayòm nan, ak moun Bondye chwazi yo.

35 Senyè a di, epi tou, tout moun ki resevwa prètriz sa yo resevwa m;

36 Paske yon moun ki resevwa sèvitè m yo, li resevwa m;

37 Epi yon moun ki resevwa m, li resevwa Papa m;

38 Epi yon moun ki resevwa Papa m, li resevwa wayòm Papa m nan; se poutèt sa l ap resevwa tout sa Papa m genyen.

39 Epi sa se daprè sèman ak alyans ki pou prètriz la.

40 Se poutèt sa, tout moun yo ki resevwa prètriz la, yo resevwa sèman ak alyans Papa m nan li pa kapab vyole ni tou li pa kapab chanje.

41 Men, nenpòt moun ki vyole alyans la apre l fin resevwa l, epi ki vire do ba li totalman, li p ap gen padon pou peche l yo nan mond sa a ni nan mond k ap vini an.

42 Epi malè tout moun ki pa vini nan prètriz sa a nou te resevwa a, epi m konfime sou noumenm ki la jodi a, pa lantremiz vwa pa m ki soti nan syèl la; epi m bay lame selès yo ak zanj mwen yo responsablite konsènan nou.

43 Epi kounyeya, m ba nou yon kòmandman pou nou fè atansyon avèk tèt pa nou, pou nou koute pawòl lavi etènèl yo avèk atansyon.

44 Paske nou pral viv daprè chak pawòl ki soti nan bouch Bondye.

45 Paske pawòl Senyè a se verite, epi tout sa ki verite se limyè, epi tout sa ki limyè se Lespri, Lespri Jezikri menm.

46 Epi Lespri a bay chak moun ki vini nan mond lan limyè; epi Lespri a klere chak moun nan mond lan, ki koute vwa Lespri a.

47 Epi chak moun ki koute vwa Lespri a vin jwenn Bondye, Papa a menm.

48 Epi Papa a anseye l alyans li te renouvle epi li te konfime sou nou an, alyans li te konfime sou nou pou byen nou, epi pa sèlman pou byen nou, men, pou byen tout mond lan.

49 Epi tout mond lan kouche nan peche, epi y ap jemi anba tenèb ak anba esklavaj peche.

50 Epi se konsa n ap konnen yo anba esklavaj peche, paske yo pa vin jwenn mwen.

51 Paske nenpòt moun ki pa vin jwenn mwen li anba esklavaj peche.

52 Epi nenpòt moun ki pa resevwa vwa mwen, pa konnen vwa mwen, epi li pa moun pa m.

53 Epi se konsa n ap konnen jis yo ak mechan yo, epi tout mond lan ap jemi anba peche ak tenèb menm kounyeya.

54 Epi nan tan lontan, panse nou te bouche akoz enkredilite, epi poutèt nou te trete bagay nou te resevwa yo alalejè—

55 Vanite ak enkredilite te mennen tout legliz la anba kondanasyon.

56 Epi kondanasyon sa a repoze sou pitit Siyon yo, yo tout nèt.

57 Epi yo pral rete anba kondanasyon sa a jistan yo repanti epi yo sonje nouvo alyans la, Liv Mòmon an menm ak ansyen kòmandman m te ba yo, non sèlman pou di, men pou daprè sa m te ekri a—

58 Pou yo kapab pote fwi ki nesesè pou wayòm Papa yo a; osinon gen yon chatiman ak yon jijman k ap rete pou tonbe sou pitit Siyon yo.

59 Èske pitit yo ki nan wayòm nan pral kontamine peyi sen mwen an? An verite, m di nou, Non.

60 An verite, an verite, m di noumenm k ap tande pawòl mwen yo kounyeya ki se vwa m, nou beni toutotan nou resevwa bagay sa yo;

61 Paske m ap padone nou peche nou yo avèk kòmandman sa a—pou nou rete avèk fèmte nan panse nou nan reverans ak lespri priyè, nan rann temwayaj devan tout mond lan konsènan bagay ki te kominike ba nou yo.

62 Se poutèt sa, ale nan tout mond lan; epi nenpòt kote nou pa kapab ale voye moun, pou temwayaj la kapab soti nan men nou ale nan tout mond lan jwenn chak kreyati.

63 Epi jan m te di apot mwen yo, se konsa m di nou, paske nou se apot mwen, sa vle di gran prèt Bondye yo; se noumenm Papa m te ban mwen yo; nou se zanmi m yo;

64 Se poutèt sa, jan m te di apot pa m yo m di nou ankò, chak nanm ki kwè nan pawòl nou yo, epi ki batize nan dlo pou padon peche yo, y ap resevwa Sentespri a.

65 Epi siy sa yo pral suiv moun ki kwè yo—

66 Nan non mwen yo pral fè anpil bèl travay;

67 Nan non mwen yo pral chase demon;

68 Nan non mwen yo pral geri malad;

69 Nan non mwen yo pral louvri je avèg yo, epi louvri zòrèy soud yo;

70 Epi lang bèbè yo pral pale;

71 Epi si nenpòt moun ba yo pwazon, li p ap fè yo mal;

72 Epi pwazon sèpan p ap gen pouvwa pou fè yo mal.

73 Men, m ba yo yon kòmandman, pou yo pa fè lwanj pou tèt pa yo nan bagay sa yo, ni tou pou yo pa pale yo devan mond lan; paske nou resevwa bagay sa yo pou pwofi nou ak sali.

74 An verite, an verite, m di nou, moun ki pa kwè nan pawòl nou yo epi ki pa batize nan dlo nan non mwen pou padon peche yo, pou yo kapab resevwa Sentespri a, y ap dane, epi yo p ap vini nan wayòm Papa m nan kote Papa m avèk mwen ye a.

75 Epi revelasyon sa a ak kòmandman sa a pou nou, deja an aplikasyon kounyeya menm sou tout mond lan, epi levanjil la pou tout moun ki pa ko resevwa l.

76 Men, an verite, m di nou, tout moun m te bay wayòm nan—nou dwe preche yo, pou yo kapab repanti pou ansyen travay mechanste yo; paske m dwe reprimande yo poutèt kè yo ki mechan nan enkredilite ak frè nou yo ki nan Siyon poutèt rebelyon yo kont nou lè m te voye nou an.

77 Epi ankò m di nou, zanmi m yo, paske kòmanse pou kounyeya m ap rele nou zanmi m, li nesesè pou m ba nou kòmandman sa a, pou nou vin tankou zanmi m yo nan jou m te avèk yo a, lè m t ap vwayaje pou m preche levanjil la avèk pouvwa m nan;

78 Paske m pa t kite yo gen ni bous, ni sak, ni de rad.

79 Gade, m voye nou pou teste mond lan, epi travayè a merite salè li.

80 Epi nenpòt moun ki ale preche levanjil sa a pou wayòm nan, epi ki fè yon jan pou l rete fidèl nan tout bagay, lespri li e, li p ap fatige nan panse, bouche, ni nan kò, ni nan manm ni nan jwenti, ak jwenti; epi yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè san m pa wè l. Epi li p ap grangou ni swaf.

81 Se poutèt sa, pa enkyete nou pou demen pou sa nou pral manje, sa nou pral bwè, oubyen avèk kisa nou pral abiye.

82 Paske konsidere flè lila yo ki nan jaden an, kòman yo grandi, yo pa travay, ni tou yo pa koud; epi wayòm yo ki nan mond lan, nan tout laglwa yo, yo pa byen abiye tankou youn ladan yo.

83 Paske Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.

84 Se poutèt sa, kite demen reflechi sou zafè pa l.

85 Ni tou pa dwe enkyete alavans pou sa nou pral di; men, medite pawòl lavi yo nou tout tan nan panse pawòl lavi yo, epi n ap resevwa nan menm lè a pòsyon an ki pral satisfè pou chak moun.

86 Se poutèt sa, okenn nan moun ki pral pwoklame levanjil wayòm nan depi kounyeya pa dwe pran ni bous, ni sak paske kòmandman sa a se pou tout fidèl Bondye ki gen apèl nan legliz la pou ministè a.

87 Gade, m voye nou ale pou nou reprimande mond lan nan tout aksyon enjis li yo, epi pou nou ansenye yo konsènan yon jijman ki dwe vini.

88 Epi nenpòt moun ki resevwa nou, m ap la tou, paske m prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè.

89 Epi nenpòt moun ki resevwa nou, li resevwa m; epi moun sa a ap nouri nou, l ap ba nou rad, epi l ap ba nou lajan.

90 Epi yon moun ki nouri nou, oubyen ki abiye nou, oubyen ki ba nou lajan, li p ap pèdi rekonpans li nan okenn fason.

91 Epi yon moun ki pa fè bagay sa yo li pa disip mwen; se konsa n ap konnen disip mwen yo.

92 Yon moun ki pa resevwa nou, wete kò nou bò kote l pou kont nou, epi menm lave pye nou avèk dlo, dlo pi, menm si l fè cho oubyen l fè frèt, epi rann temwayaj konsènan li devan Papa nou ki nan syèl la, epi pa retounen kote nonm sa a ankò.

93 Epi nan nenpòt vilaj oubyen vil nou antre, fè menm jan an.

94 Sepandan, chèche avèk dilijans epi pa fè eksepsyon; epi malè kay sa a, oubyen vilaj sa a, oubyen vil sa ki rejte nou an, oubyen pawòl nou yo, oubyen temwayaj nou konsènan mwen.

95 M di ankò, malè kay sa a, oubyen vilaj sa a, oubyen vil sa a ki rejte nou an, oubyen pawòl nou yo oubyen temwayaj nou konsènan mwen;

96 Paske mwen menm Toupuisan an, m mete men m sou nasyon yo pou m pini nasyon yo poutèt mechanste yo.

97 Epi epidemi prale, epi yo p ap soti sou tè a jistan m konplete travay mwen, ki pral diminye nan lajistis—

98 Jistan tout moun ki rete yo konnen mwen, depi nan pi piti jouk nan pi gran, epi y ap ranpli avèk konesans Senyè a, epi y ap je nan je, epi y ap leve vwa yo, epi avèk vwa yo ansanm pou yo chante nouvo chan sa a, ki di:

99 Senyè a te pote Siyon ankò;Senyè a te rachte pèp li a, Izrayèl,Daprè desizyon lagras la,Ki te reyalize daprè lafwa aAk alyans papa yo.

100 Senyè a te rachte pèp li a;Epi Satan mare epi tan pa la ankò.Senyè a rasanble tout bagay fè youn.Senyè a mennen Siyon desann soti anlè a.Senyè a mennen Siyon monte soti anba.

101 a t ap travay epi l pote fòs li;Epi verite tabli nan zantray li;Epi syèl la souri sou li;Epi li abiye avèk laglwa Bondye li a;Paske li kanpe nan mitan pèp li a.

102 Se pou laglwa, ak onè ak pouvwa, ak pisansPrezante devan Bondye nou an; paske li plen mizèrikòd,lajistis, lagras ak verite, ak lapè,Pou toujou, ajamè, Amèn.

103 Epi ankò, an verite, an verite, m di nou, li nesesè pou chak gason k al pwoklame levanjil etènèl mwen an, toutotan yo gen fanmi, epi yo resevwa lajan kòm kado, pou yo voye l ba yo oubyen pou yo itilize l pou benefis yo, jan Senyè a dirije yo, paske se konsa m vle l.

104 Epi se pou tout sa ki pa gen fanmi yo, ki resevwa lajan, voye l bay evèk ki nan Siyon an, oubyen evèk ki nan Ohio a, pou l kapab konsakre pou piblikasyon revelasyon yo epi pou enprime yo, epi pou etabli Siyon.

105 Epi si nenpòt moun ba nou yon manto, oubyen yon vès, pran vye a epi bay pòv li, epi ale fè wout nou avèk rejwisans.

106 Epi si nenpòt moun pami nou fò nan Lespri a, se pou l pran youn ki fèb mennen avèk li, pou l kapab edifye nan tout imilite, pou l kapab vin fò tou.

107 Se poutèt sa, pran moun ki òdone nan pipiti prètriz yo avèk nou, epi voye yo pou fikse randevou, epi pou prepare chemen an, epi pou ranpli randevou nou pa kapab ranpli noumenm.

108 Gade, se konsa apot mwen yo nan ansyen tan an te bati legliz mwen an pou mwen.

109 Se poutèt sa, se pou chak moun kanpe nan ofis pa li, epi pou l travay nan apèl pa li; epi se pa pou tèt la di pye a li pa bezwen l; paske kòman kò a kapab kanpe san pye a?

110 Epi tou kò a bezwen chak manm, pou yo tout kapab edifye ansanm, pou systèm nan kapab rete pafè.

111 Epi gade, gran prèt yo ta dwe vwayaje, epi ansyen yo, epi pipiti prèt yo; men, dyak yo ak enstriktè yo ta dwe lonmen pou yo voyeje sou legliz la, kòm minis an plas pou legliz la.

112 Epi evèk la, Newel K. Whitney, ta dwe vwayaje tou alantou ak pami tout legliz yo, pou l fè rich yo ak ògeye gen imilite, pou l kapab chèche pòv yo epi pou l kapab administre bezwen yo.

113 Li ta dwe anplwaye yon ajan tou pou dirije epi pou pran swen travay òdinè li yo tou, jan l endike.

114 Sepandan, se pou evèk la ale nan vil New York la, ak nan vil Albany an, ak nan vil Boston an, pou avèti moun ki nan vil sa yo avèk son levanjil la, avèk yon vwa fò, konsènan dezolasyon ak destriksyon total k ap rete tann yo si yo rejte bagay sa yo.

115 Paske si yo rejte bagay sa yo lè jijman yo a pre, epi kay pa yo ap tounen yon dezolasyon pou yo.

116 Se pou l konfye nan mwen epi yo p ap konfonn li; epi yon branch cheve nan tèt li p ap tonbe atè san m p ap wè l.

117 Epi an verite m di nou, rès sèvitè m yo, ale jan sitiyasyon nou yo pèmèt nou, nan diferan apèl nou yo, nan gwo vil ak vilaj popilè yo, pou nou reprimande mond lan avèk lajistis nan tout enjistis yo ak aksyon endiy yo, pou nou tabli byen klè epi avèk konpreyansyon dezolasyon ak abominasyon nan dènye jou yo.

118 Paske, Senyè a Toupisan an di, avèk noumenm, m ap dechire wayòm moun sa yo; m p ap sèlman souke tè a, men, syèl yo ki plen zetwal yo pral tranble.

119 Paske, mwen menm Senyè a, m lonje men mwen pou m manifeste pouvwa syèl la; nou pa kapab wè l kounyeya, men, nan yon ti tan nou pral wè l, epi n ap konnen m egziste, epi m ap vini pou m reye avèk pèp mwen an.

120 M se Alfa ak Omega, kòmansman an ak finisman an. Amèn.