Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 76


Seksyon 76

Yon vizyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa nan Hiram, Ohio, 16 Fevriye 1832. Pou fè prefas anrejistreman vizyon sa a, istwa Joseph Smith la deklare: “Lè m te retounen soti nan konferans Amherst la, m te rekòmanse tradiksyon Ekriti yo. Atravè anpil revelasyon ki te gen tan resevwa deja, sa te aparan ke moun te retire nan Bib la anpil pwen enpòtan ki touche sali lòm, oubyen yo te pèdi anvan Bib la te konpile. Li te evidan, daprè rès verite ki te rete nan Bib la, si Bondye rekonpanse chak moun daprè zèv yo fè nan kò fizik la, mo ‘Syèl’ la, jan l te parèt kòm kay etènèl Sen yo, dwe genyen plis pase yon sèl wayòm. Konsa, … pandan nou t ap tradui Levanjil Sen Jan an, mwen menm ak Èldè Rigdon te fè vizyon sa a.” Se pandan Pwofèt la t ap tradui Jan 5:29 la, li te resevwa vizyon sa a.

1–4, Senyè a se Bondye; 5–10, Mistè wayòm yo pral revele pou tout fidèl yo; 11–17, Tout moun pral leve nan rezirèksyon moun ki jis yo oubyen moun ki pa jis yo; 18–24, Abitan ki nan anpil mond yo se pitit gason ak pitit fi Bondye atravè Ekspyasyon Jezikri a; 25–29, Yon zanj Bondye te tonbe epi l te vin tounen dyab la; 30–49, Pitit gason pèdisyon yo soufri danasyon etènèl; tout lòt moun pral gen yon degre sali; 50–70, Laglwa ak rekonpans èt egzalte yo nan wayòm selès la dekri; 71–80, Moun ki pral eritye wayòm terès yo dekri; 81–113, Pozisyon moun ki nan laglwa telès, terès ak selès yo eksplike; 114–119, Moun ki fidèl yo kapab wè epi yo kapab konprann mistè yo ki nan wayòm Bondye a avèk pouvwa Lespri Sen an.

1 Tande, O, noumenm syèl yo, epi louvri zòrèy, O, ou menm tè a, epi noumenm abitan ki nan kote sa yo, rejwi, paske Senyè a se Bondye, epi apre l pa gen okenn Sovè.

2 Lasajès li gwo, chemen li yo mèveye, epi pèsonn pa kapab konnen dimansyon aksyon li yo.

3 Objektif li yo pa echwe, ni tou pa gen okenn moun ki kapab bloke men li.

4 Depi nan letènite jouk nan letènite, li se menm nan, epi ane l yo pa janm fini.

5 Paske Senyè a di—mwenmenm Senyè a m gen mizèrikòd epi m fè lagras pou moun ki krenn mwen epi m pran plèzi pou onore moun ki sèvi m nan lajistis ak verite jiska lafen.

6 Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl.

7 Epi m ap revele yo tout mistè, wi tout mistè kache yo ki nan wayòm mwen an depi nan tan lontan, ak nan tan k ap vini yo, m ap fè yo konnen bon plezi m ak volonte m konsènan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm mwen an.

8 Wi, y ap konnen menm mèvèy letènite yo, epi m ap montre yo bagay ki pral vini, menm bagay anpil jenerasyon.

9 Epi lasajès yo pral gwo, epi konpreyansyon yo pral touche syèl la; epi lasajès moun ki saj yo pral peri devan yo, epi konpreyansyon moun ki pridan yo p ap anyen.

10 Paske Lespri m pral klere yo, epi avèk pouvwa m, m ap fè yo konnen sekrè volonte m—wi, bagay sa yo menm je moun pa , ni zòrèy pa tande, ni tou ki pa t ko antre nan kè lòm.

11 Noumenm, Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon, pandan nou te nan Lespri a nan sèzyèm jou mwa Fevriye ki nan ane Senyè nou an, mil ywisan trannde—

12 Avèk pouvwa Lespri a, je nou yo te louvri epi konpreyansyon nou te klere pou nou te kapab wè epi konprann bagay Bondye yo.

13 Bagay ki te menm la depi anvan mond lan te egziste, bagay Papa a te òdone pa mwayen Sèl Pitit Gason Literal li a, ki te nan lestomak Papa a, menm depi nan kòmansman;

14 Nou rann temwayaj konsènan li; epi temwayaj nou rann nan se plenitid levanjil Jezikri a, ki se Pitit Gason an nou te wè a, epi nou te pale avèk li nan vizyon selès la.

15 Paske, pandan nou t ap fè travay tradiksyon an Senyè a te ba nou an, nou te rive nan vent-nevyèm vèsè ki nan senkyèm chapit liv Jan an, epi nou te resevwa l konsa—

16 Pou pale konsènan rezirèksyon mò yo, konsènan moun yo ki pral tande vwa Pitit Gason Lòm nan:

17 Epi ki pral leve; moun ki te fè byen yo, nan rezirèksyon moun ki te jis yo; epi moun ki te fè mal yo, nan rezirèksyon moun ki te enjis yo.

18 Bagay sa a te fè nou emèveye, paske se Lespri a ki te ba nou l.

19 Epi pandan nou t ap medite sou bagay sa yo, Senyè a te touche je konpreyansyon nou epi yo te louvri, epi laglwa Senyè a te briye toutotou nou.

20 Epi nou te wè laglwa Pitit Gason an bò kote dwat Papa a, epi nou te resevwa tout limenm;

21 Epi nou te wè zanj ki sen yo ak moun ki te sanktifye yo devan twòn li a, ki t ap adore Bondye ak Ti Mouton an, ki adore l pou tout tan.

22 Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, denye nan tout, nou fè konsènan li pou fè konnen: Li vivan!

23 Paske nou te l, bò kote dwat Bondye menm; epi nou te tande vwa a ki t ap rann temwayaj pou fè konnen li se Sèl Pitit Literal Papa a—

24 Epi avèk li, epi pa mwayen li, epi nan li mond yo te egziste epi yo te kreye, epi abitan ki nan mond yo se pitit gason ak pitit fi Bondye.

25 Epi nou te wè bagay sa a tou, epi nou rann temwayaj pou fè konnen, yon zanj Bondye ki te gen otorite nan prezans Bondye, ki te revòlte kont Sèl Pitit Gason Literal la ke Papa a te renmen an epi ki te andedan Papa a, yo te pouse l desann soti nan prezans Bondye ak Pitit Gason an,

26 Epi yo te rele li Pèdisyon, paske syèl yo te kriye poutèt li—se te Lisifè, yon pitit gason maten an.

27 Nou te gade, epi gade, li te tonbe! tonbe, pitit gason maten an menm!

28 Epi pandan nou te toujou nan Lespri a, Senyè a te kòmande nou pou nou ekri vizyon an; paske nou te wè Satan, ansyen sèpan an, dyab la menm, ki te revòlte kont Bondye a, epi ki te chèche pran wayòm Bondye nou an ak Kris li a—

29 Se poutèt sa, li fè lagè kont sen Bondye yo, epi li antoure yo tout kote.

30 Epi nou te fè vizyon soufrans moun li te fè lagè avèk yo a epi li te gen viktwa sou yo a, paske, men jan vwa Senyè a te vin jwenn nou:

31 Senyè a di, konsènan tout moun ki konnen pouvwa m yo, epi ki te patisipe ladan l, epi ki kite pouvwa dyab la gen viktwa sou yo, epi ki nye verite a, epi ki defye pouvwa m—

32 Se moun sa yo ki se pitit pèdisyon yo, konsènan yo, m di li t ap pi bon pou yo pa t janm fèt la;

33 Paske yo se vèsèl kòlè, ki kondane pou yo soufri kòlè Bondye, avèk dyab la epi avèk zanj li yo nan letènite;

34 Konsènan yo m te di konsa pa gen padon nan mond sa a ni nan mond k ap vini an—

35 Paske yo te nye Sentespri a apre yo te fin resevwa l, epi yo te nye Sèl Pitit Gason Literal Papa a, yo te krisifye l pou tèt pa yo epi yo te fè l wont an piblik.

36 Se moun sa yo ki prale nan lak dife ak souf la, avèk dyab la epi avèk zanj li yo—

37 Epi se sèl moun dezyèm lanmò a pral gen pouvwa sou yo;

38 Wi, an verite, se sèl moun ki p ap rachte lè tan Senyè a rive, apre yo fin soufri kòlè l.

39 Paske tout rès yo pral leve nan rezirèksyon mò yo, pa mwayen triyonf laglwa Ti Mouton an, yo te touye a, ki te andedan Papa a anvan mond yo te kreye.

40 Epi sa se levanjil la, bon nouvèl vwa ki te soti nan syèl la te rann nou temwayaj—

41 Pou fè konnen, li te vini nan mond la, Jezi menm, pou mond lan te kapab krisifye l, epi pou l pote peche mond lan, epi pou l sanktifye mond lan, epi pou l netwaye l anba tout enjistis.

42 Pou tout moun kapab sove pa mwayen li, tout moun Papa a te mete anba pouvwa l yo, epi ki te kreye pa mwayen limenm;

43 Ki glorifye Papa a epi ki sove tout zèv men li yo; eksepte pitit pèdisyon yo ki nye Pitit Gason an apre Papa a te fin revele l.

44 Se poutèt sa, li sove tout moun eksepte yo—yo prale nan pinisyon etènèl, ki se pinisyon san fen, ki se pinisyon etènèl, pou yo renye avèk dyab la epi avèk zanj li yo nan letènite, kote kò yo p ap mouri epi dife a ki se touman yo p ap etenn—

45 Epi pèsonn pa konnen finisman l, ni kote l ap ye, ni touman yo;

46 Ni tou li pa t revele, ni tou li pa revele, ni tou li p ap revele devan pèsonn eksepte moun ki prale ladan l yo;

47 Sepandan, mwen menm Senyè a, m montre anpil moun li nan vizyon, men, m fèmen l imedyatman ankò;

48 Se poutèt sa, yo pa konprann, bout li dimansyon l, lajè l, wotè l, pwofondè l, ak mizè ki ladan l, ni okenn moun, eksepte moun yo ki tonbe anba kondanasyon sa a.

49 Epi nou te tande vwa a ki te di: Ekri vizyon an, paske gade, se finisman vizyon soufrans moun ki san Bondye yo.

50 Epi ankò nou rann temwayaj—paske nou te wè epi nou te tande, epi se temwayaj levanjil Kris la konsènan moun yo ki pral leve nan rezirèksyon moun ki jis yo—

51 Se moun sa yo ki te resevwa temwayaj Jezi a, epi ki te kwè nan non li, epi ki te batize daprè fason li te antere a, yo te antere nan dlo nan non li, epi se daprè kòmandman li te ba yo a—

52 Epi lè yo respekte kòmandman yo pou yo kapab lave epi pou yo kapab pwòp anba tout peche yo, epi pou yo resevwa Sentespri a pa enpozisyon men yon moun ki òdone epi ki sele pou pouvwa sa a;

53 Epi ki gen viktwa avèk lafwa, epi Sentespri pwomès la te sele yo, Sentespri Papa a vide sou tout moun ki jis epi ki vrè yo.

54 Se moun sa yo ki se legliz Premyene a.

55 Se nan men moun sa yo Papa a te mete tout bagay yo a—

56 Se moun sa yo ki prèt ak wa, ki te resevwa nan plenitid li l ak laglwa li;

57 Epi yo se prèt Bondye Ki Pi Wo a, daprè lòd Mèlkisedèk la, ki te daprè lòd Enòk la, ki te daprè lòd Sèl Pitit Gason Literal la.

58 Se poutèt sa, jan sa te ekri a, yo se bondye, yo se pitit gason Bondye a yo menm—

59 Se poutèt sa, tout bagay pou yo, kit se lavi kit se lanmò, oubyen bagay kounyeya, oubyen bagay ki pral vini, tout bagay pou yo epi yo pou Kris la, epi Kris la pou Bondye.

60 Epi yo pral gen viktwa sou tout bagay.

61 Se poutèt sa, pèsonn pa dwe chèche laglwa nan moun, men okontrè, se pou l chèche laglwa nan Bondye ki pral soumèt tout ènmi yo anba pye l.

62 Moun sa yo pral rete nan prezans Bondye ak Kris li a pou tout tan.

63 Se moun sa yo li pral mennen avèk li, lè l vini soti nan nyaj syèl la pou l reye sou tè a sou tèt pèp li a.

64 Se moun sa yo ki pral patisipe nan premyè rezirèksyon an.

65 Se moun sa yo ki pral leve nan rezirèksyon moun ki jis yo.

66 Se moun sa yo ki vini sou Mòn Siyon, ak nan vil Bondye vivan an, plas selès la, ki pi sen pase tout lòt yo.

67 Se moun sa yo ki te vini ansanm ak yon kantite zanj moun pa ka konte, nan asanble jeneral legliz Enòk la, ak legliz Premye ne a.

68 Se moun sa yo ki gen non yo ekri nan syèl la, kote Bondye ak Kris la se jij tout moun.

69 Se moun ki jis sa yo ki te vin pafè pa lantremiz Jezi, ki se mediyatè nouvo alyans lan, ki te reyalize ekspyasyon pafè sa a atravè pwòp san pa li ki te koule.

70 Se moun sa yo ki gen kò selès, ki gen laglwa yo tankou solèy la, laglwa Bondye a menm, ki pi wo pase tout lòt, laglwa sa kote yo ekri solèy ki anlè a tankou l la.

71 Epi ankò, nou te wè mond terès la, epi gade, se moun sa yo ki nan laglwa terès la, ki gen laglwa yo diferan pase laglwa legliz Premyene a, ki te resevwa tout bagay Papa a, menm jan laglwa lalin nan diferan avèk solèy la ki anlè a.

72 Gade, se moun sa yo ki mouri san lalwa;

73 Epi moun sa yo se lespri lèzòm ki te rete nan prizon yo, moun Pitit Gason an te vizite yo, epi li te preche yo levanjil la, pou yo kapab jije daprè moun ki nan lachè;

74 Ki pa t resevwa temwayaj Jezi nan kò fizik la, men, ki te resevwa l apre sa.

75 Se moun sa yo ki gwo chabrak sou tè a, moun sa yo riz lèzòm te avegle yo.

76 Se moun sa yo ki te rantre nan laglwa li, men, ki pa t resevwa l toutantye.

77 Se moun sa yo ki te rantre nan prezans Pitit Gason an, men, pa nan totalite Papa a.

78 Se poutèt sa, yo se kò terès, epi yo pa kò selès, epi yo diferan nan laglwa, menm jan lalin nan diferan avèk solèy la.

79 Se moun sa yo ki pa vanyan nan temwayaj Jezi yo; se poutèt sa, yo pa jwenn kouwòn nan wayòm Bondye nou an.

80 Epi kounyeya, se finisman vizyon wayòm terès la nou te fè a, epi Senyè a te kòmande nou pou nou ekri l pandan nou te toujou nan Lespri a.

81 Epi ankò, nou te wè laglwa wayòm telès la ki gen pi piti laglwa a, menm jan laglwa zetwal yo diferan avèk laglwa lalin nan ki anlè a.

82 Se moun sa yo ki pa t resevwa levanjil Kris la, ni temwayaj Jezi a.

83 Se moun sa yo ki pat nye Sentespri a.

84 Se moun sa yo Bondye pouse desann nan lanfè a.

85 Se moun ki p ap rachte anba men dyab la jistan dènye rezirèksyon an, jistan Senyè a, Kris la, Ti Mouton an menm, fini travay li a.

86 Se moun sa yo ki pa resevwa li toutantye nan mond etènèl la, men, ki resevwa li nan Lespri a pa mwayen ministè wayòm terès la;

87 Epi wayòm terès la, pa mwayen ministè wayòm selès la.

88 Epi tou wayòm telès la resevwa l nan administrasyon zanj yo ki lonmen pou administre pou yo, oubyen ki lonmen kòm lespri administratè pou yo; paske y ap eritye sali a.

89 Epi konsa, nou te wè, nan vizyon selès la, laglwa telès la, ki depase tout konpreyansyon;

90 Epi pèsonn pa konnen l, eksepte moun Bondye revele.

91 Epi konsa nou te wè laglwa wayòm terès la ki depase laglwa telès la nan tout bagay, menm nan glwa ak nan pouvwa, ak nan fòs, ak nan dominasyon.

92 Epi konsa nou te wè laglwa wayòm selès la, ki depase nan tout bagay—kote Bondye, Papa a menm renye sou twòn li pou tout tan;

93 Tout bagay bese avèk reverans nan imilite devan l, epi yo ba l laglwa pou tout tan.

94 Moun ki rete nan prezans li yo se Legliz Premye ne a; epi yo wè menm jan moun wè yo a, epi yo konnen menm jan moun konnen yo a, paske yo te resevwa li ak lagras li toutantye;

95 Epi li fè yo egal nan pouvwa, nan pisans, ak nan dominasyon.

96 Epi laglwa wayòm selès la se youn, menm jan laglwa solèy la se youn nan.

97 Epi laglwa wayòm terès la se youn, menm jan laglwa lalin nan se youn nan.

98 Epi laglwa wayòm telès la se youn, menm jan laglwa zetwal yo se youn nan, menm jan yon zetwal diferan nan laglwa avèk yon lòt zetwal, se konsa yonn diferan avèk lòt nan mond telès la;

99 Paske se moun sa yo ki pou Pòl, ki pou Apolòs, ak pou Sefas yo.

100 Se moun sa yo ki di kèk ladan yo pou yon moun epi lòt yo pou yon lòt moun—kèk pou Kris la epi kèk pou Jan, kèk pou Moyiz epi kèk pou Elyas, kèk pou Ezayas, kèk pou Ezayi epi kèk pou Enòk;

101 Men, yo pa t resevwa levanjil la, ni temwayaj Jezi a, ni pwofèt yo, ni alyans etènèl la.

102 An dènye, se moun sa yo ki p ap rasanble avèk sen yo, pou yo monte avèk legliz Premye ne a, pou yo resevwa yo nan nyaj yo.

103 Moun sa yo se moun ki mantè yo, ak sòsye yo, ak adiltè yo, ak fònikatè yo, ak nenpòt moun ki renmen manti epi ki fabrike manti.

104 Se moun sa yo ki soufri kòlè Bondye sou tè a.

105 Se moun sa yo ki soufri vanjans dife etènèl la.

106 Se moun sa yo Bondye chase al nan lanfè epi ki soufri kòlè Bondye Toupisan an, jouknan totalite tout tan yo, lè Kris la pral soumèt tout ènmi yo anba pye l, epi li fin pèfeksyone travay li;

107 Lè l livre wayòm nan, epi l prezante l bay Papa a, san tach, epi l di: m gen viktwa epi m te pilonnen près—diven an pou kont mwen, près—diven move kòlè Bondye Toupisan an menm.

108 Lè sa li pral kouwone avèk kouwòn laglwa li a, pou l chita sou twòn pouvwa li a pou l renye pou tout tan.

109 Men gade, nou te wè laglwa abitan mond telès yo, nou pa t ka konte yo menm jan avèk zetwal yo ki anlè nan syèl la, oubyen sab yo ki sou rivaj lanmè a;

110 Epi nou te tande vwa Senyè a ki t ap di: Tout moun sa yo pral pliye jenou yo, epi chak lang pral konfese devan moun ki chita sou twòn nan pou tout tan;

111 Paske yo pral jije daprè zèv yo, epi chak moun pral resevwa daprè zèv pa l yo, dominasyon pa l, nan kay ki te prepare yo;

112 Epi yo pral sèvitè Bondye Ki Pi Wo a; men, yo pa kapab vini kote Bondye ak Kris la rete a, nan mond ki san finisman yo.

113 Se finisman vizyon nou te wè a, Senyè a te kòmande nou pou nou ekri pandan nou te toujou nan Lespri a.

114 Men, zèv Senyè a yo gwo epi yo mèveye anpil, ak mistè yo ki nan wayòm li a li te montre nou yo, ki depase tout konpreyansyon nan laglwa, nan pouvwa ak nan dominasyon;

115 Li te kòmande nou pou nou pa ekri sa yo pandan nou te toujou nan Lespri a, epi yo pa legal pou lòm repete;

116 Ni tou lòm pa kapab fè moun konnen yo, paske moun kapab wè yo epi moun kapab konprann yo sèlman avèk pouvwa Lespri Sen an, Lespri Sen Bondye mete sou moun ki renmen l yo, epi ki pirifye tèt yo devan l;

117 Moun li bay privilèj sa a pou yo wè epi pou yo konnen pou tèt pa yo;

118 Pou, pa mwayen pouvwa ak manifestasyon Lespri a, pandan yo nan kò fizik la, pou yo kapab sipòte prezans li nan mond laglwa a.

119 Epi laglwa, ak onè, ak dominasyon pou Bondye ak Ti Mouton an pou tout tan. Amèn.