Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 20


Seksyon 20

Revelasyon konsènan òganizasyon ak gouvènman Legliz la, Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Fayette oswa tou pre Fayette nan New York. Li kapab te resevwa kèk pati nan revelasyon sa a depi an ete 1829. Revelasyon konplè a, ke yo te rekonèt nan moman an kòm Atik ak Alyans yo, te pwobableman ekri tousuit apre 6 Avril 1830 (jou yo te òganize Legliz la). Pwofèt la te ekri: “Nou te resevwa bagay sa a nan men l [Jezikri], pa lantremiz lespri pwofesi ak revelasyon an; ki pa t sèlman ba nou enfòmasyon yo, men tou ki te endike nou jou egzat la, kote daprè volonte l ak kòmandman l, nou dwe òganize Legliz Li a yon fwa ankò sou tè a.”

1–16, Liv Mòmon an pwouve divinite travay dènye-jou a; 17–28, Li konfime doktrin kreyasyon yo, chit la, ekspyasyon an, ak batèm nan; 29–37, Li tabli lwa yo ki gouvène repantans, jistifikasyon, sanktifikasyon, ak batèm; 38–67, Li rezime devwa ansyen yo, prèt yo, enstriktè yo, ak dyak yo; 68–74, Li revele devwa manm yo, benediksyon timoun yo, ak fason pou batèm fèt; 75–84, Li bay priyè sentsèn yo ak règ ki endike fason pou moun vin manm Legliz la.

1 Retablisman Legliz Kris la nan dènye jou sa yo, kòmanse mil ywisantrant lane depi lè aparisyon Senyè ak Sovè nou an Jezikri nan kò fizik la, li te òganiz an règ epi li te tabli daprè lalwa peyi nou an, daprè volonte ak kòmandman Bondye, nan katriyèm mwa, epi nan sizyèm jou mwa, ki rele Avril la—

2 Joseph Smith, pitit la, te resevwa kòmandman sa yo, limenm ki te jwenn apèl li nan men Bondye, epi ki te òdone kòm apot Jezikri, pou l te kapab devni premye ansyen nan Legliz sa a;

3 Epi Oliver Cowdery, limenm ki te jwenn nouvèl tou nan men Bondye kòm yon apot Jezikri, kòm dezyèm ansyen legliz, sa a e li te òdone anba men l;

4 Epi sa te fèt daprè lagras Senyè nou an ak Sovè Jezikri nou an, se limenm ki merite tout laglwa a, ni kounyeya epi pou tout tan. Amèn.

5 Apre li te vreman manifeste nan premye ansyen sa a ke li te resevwa padon pou peche l yo, li te pran ankò nan pyèj vanite mond lan;

6 Men, apre l te fin repanti, epi l te fin gen imilite avèk senserite, nan lafwa, Bondye te administre l palantremiz yon zanj sen, ki te gen figi l klere tankou zeklè, ak gaman li pi, epi blanch pase tout blanchè;

7 Epi li te ba l kòmandman yo ki te enspire l;

8 Epi li te resevwa pouvwa ki te soti anlè, pa mwayen ki te deja pare, pou l tradui Liv Mòmon an;

9 Liv sa a gen rejis yon pèp ki te dechi, ak plenitid levanjil Jezikri a pou Janti yo ak Juif yo tou;

10 Levanjil sa a yo te resevwa l sou enspirasyon, epi ki te konfime bay lòt moun yo pa mwayen travay zanj yo epi se te zanj yo tou ki te deklare l bay mond lan—

11 Lè yo pwouve mond lan ekriti sen yo se verite, epi Bondye enspire lèzòm epi li bay yo apèl nan travay sen li a nan epòk ak jenerasyon sa a, menm jan avèk jenerasyon pase yo;

12 Se konsa; li montre li se menm Bondye a ayè, jodi a, epi pou tout tan. Amèn.

13 Se poutèt sa, paske gen tèlman gwo temwayaj, se yo menm ki pral jije mond lan, menm tout moun ki pral gen yon konesans konsènan zèv sa a, kòmanse depi kounyeya.

14 Epi moun ki resevwa l avèk lafwa, epi ki pratike lajistis, y ap resevwa yon kouwòn lavi etènèl;

15 Men sila yo ki fè kè yo di nan enkredilite, epi ki rejte l, l ap tounen pwòp kondanasyon pa yo—

16 Paske Senyè Bondye a te di sa; epi konsènan nou menm, ansyen yo ki nan legliz la, nou te tande epi annou bay temwayaj pawòl yo Majeste gloriye ki anlè a, limenm ki merite laglwa pou toutan e pou toutan. Amèn.

17 Avèk bagay sa yo nou konnen gen yon Bondye nan syèl la, ki enfini epi ki etènèl, depi nan letènite jouk nan letènite, menm Bondye enchanjab la, enjenyè syèl la ak tè a, ak tout bagay ki ladan yo;

18 Epi li te kreye lòm, gason ak fi, daprè imaj pa li epi nan resanblans li, li te kreye yo;

19 Epi li te ba yo kòmandman pou yo renmen l epi pou yo sèvi l, sèl vrè Bondye ki vivan an, epi li dwe sèl èt pou yo adore.

20 Men, akoz transgresyon lalwa sen sa yo, lòm devni sansyèl epi dyabolik, epi l vin tounen lòm dechi.

21 Se poutèt sa, Bondye Toupisan an te bay Sèl Pitit Gason Literal li a, jan sa te ekri nan ekriti sa yo limenm menm te bay yo.

22 Li te soufri tantasyon yo, men li pa t sikonbe anba yo.

23 Yo te krisifye l, li te mouri, epi li te leve ankò twazyèm jou a;

24 Epi li te monte nan syèl la, pou l ale chita adwat Papa a, pou l gouvène avèk pouvwa toupisan an daprè volonte Papa a;

25 Pou tout moun ki ta kwè epi ki ta batize nan non sen li a, epi ki pèsevere nan lafwa jiska lafen, ta kapab sove—

26 Pou se pa sèlman moun ki te kwè apre l te vini nan midi tan an, nan kò fizik la, men tout sila yo depi nan kòmansman an, menm tout moun ki te la anvan l te vini an, ki te kwè nan pawòl pwofèt sen yo, ki te pale lè don Sentespri a te enspire yo, ki te temwaye konsènan li nan tout bagay, ta dwe gen lavi etènèl,

27 Se menm jan tou pou moun k ap vini apre yo, k ap kwè nan don ak apèl Bondye yo, pa mwayen Sentespri a, ki bay temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an;

28 Papa sa a, Pitit Gason sa a, ak Sentespri sa a ki se yon sèl Bondye, enfini epi etènèl, san finisman. Amèn.

29 Epi nou konnen tout moun dwe repanti epi kwè nan non Jezikri, epi adore Papa a nan non li, epi pèsevere nan lafwa nan non li jiska lafen, oubyen yo p ap kapab sove nan wayòm Bondye a.

30 Epi nou konnen jistifikasyon pa mwayen lagras Senyè a ak Sovè Jezikri nou an jis epi li se verite;

31 Epi tou nou konnen sanktifikasyon pa mwayen lagras Senyè a ak Sovè Jezikri nou an jis epi li se verite, pou tout sila yo ki renmen epi ki sèvi Bondye avèk tout pouvwa yo, tou panse yo, ak tout fòs yo.

32 Men gen yon posiblite pou lòm tonbe lwen lagras la epi pou l pati lwen Bondye vivan an;

33 Se poutèt sa, se pou legliz la toujou fè atansyon epi pou l toujou priye, pou l pa tonbe nan tantasyon;

34 Wi, epi se pou menm moun ki sanktifye yo fè atansyon tou.

35 Epi nou konnen bagay sa yo se verite, epi daprè revelasyon Jan yo, anyen pa dwe ajoute ni wete nan pwofesi liv li a, nan ekriti sen yo, oubyen nan revelasyon Bondye yo ki pral vini apre pa mwayen don ak pouvwa Sentespri a, vwa Bondye a, oubyen travay zanj yo.

36 Epi Senyè Bondye te di sa, epi se pou moun bay non sen li a onè, pouvwa ak laglwa, depi kounyeya pou tout tan. Amèn.

37 Epi ankò, kòm kòmandman pou legliz la konsènan fason batèm dwe fèt—Tout moun ki imilye yo devan Bondye, epi ki vle batize, epi ki vini avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, epi ki temwaye devan legliz la pou fè konnen yo te gade repanti nan peche yo, epi ki vle pran non Jezikri sou tèt yo, ki gen yon detèminasyon pou sèvi l jiska lafen, epi ki manifeste an verite vre pa mwayen zèv yo, pa mwayen yo te resevwa Lespri Jezikri a; pou padon peche yo, yo dwe resevwa yo pa mwayen batèm nan legliz li a.

38 Devwa ansyen yo, prèt yo, enstriktè yo, dyak yo, ak manm legliz Jezikri yo—Yon Apot se yon ansyen, epi apèl li se pou l batize moun;

39 Epi pou l òdone lòt ansyen yo, prèt yo, enstriktè yo, ak dyak yo;

40 Epi pou l administre sentsèn ki se amblèm kò fizik ak san Kris la—

41 Epi pou konfime moun ki batize nan legliz yo, lè yo fè enpozisyon men pou batèm dife ak Sentespri a, daprè ekriti yo;

42 Epi pou ansenye, eksplike, egzòte, batize, epi veye sou legliz la;

43 Epi pou konfime manm legliz la lè yo fè enpozisyon men, epi lè yo bay don Sentespri a;

44 Epi pou yo dirije tout reyinyon yo.

45 Ansyen yo dwe dirije reyinyon yo jan Sentespri a gide yo, daprè kòmandman ak revelasyon Bondye yo.

46 Devwa prèt la se pou l preche, anseye, eksplike, egzòte, batize, epi administre sentsèn nan,

47 Epi vizite kay chak manm, pou egzòte yo pou yo priye awotvwa an sekrè, epi pou yo akonpli tout devwa familyal.

48 Epi tou li kapab òdone lòt prèt yo, enstriktè yo, ak dyak yo.

49 Epi li dwe prezide tout reyinyon yo lè okenn ansyen pa la;

50 Men, lè yon ansyen la, li dwe sèlman preche, anseye, eksplike, egzòte, epi batize,

51 Epi vizite kay chak manm, egzòte yo pou yo priye awotvwa epi an sekrè, epi pou yo ranpli tout devwa familyal yo.

52 Nan tout devwa sa yo, prèt la dwe ede ansyen an si okazyon an rekòmande l.

53 Devwa enstriktè a se pou l toujou veye sou legliz la, se pou l avèk yo epi pou l fòtifye yo;

54 Epi pou l pa kite gen inikite nan legliz la, ni mechanste youn kont lòt, ni manti, kalomni, ni medizans;

55 Epi pou l fè legliz la reyini ansanm souvan, epi pou l fè tout manm yo fè devwa yo.

56 Epi li dwe dirije reyinyon yo lè pa gen ansyen oubyen prèt—

57 Epi dyak yo dwe toujou ede l nan tout devwa legliz yo, pa mwayen dyak yo lè okazyon an rekòmande l.

58 Men ni enstriktè yo, ni dyak yo pa gen otorite pou yo batize moun, pou administre sentsèn nan, oubyen pon fè enpozisyon men;

59 Sepandan, yo dwe avèti, eksplike, egzòte, ak anseye, epi envite tout moun vin jwenn Kris la.

60 Chak ansyen, prèt, enstriktè, oubyen dyak dwe òdone daprè don ak apèl yo Bondye ba li; epi li dwe òdone avèk pouvwa Sentespri a, ki nan moun ki òdone l la.

61 Plizyè ansyen yo ki konpoze legliz Kris la dwe reyini nan konferans yon fwa chak twa mwa, oubyen tanzantan jan konferans yo dikte yo oubyen tabli;

62 Epi konferans yo dwe fè tout sa ki nesesè pou administrasyon legliz la fè nan moman an.

63 Ansyen yo dwe resevwa lisans yo nan men lòt ansyen, avèk vòt legliz kote yo mache a, oubyen nan konferans yo.

64 Chak prèt, enstriktè, oubyen dyak, yon prèt òdone dwe resevwa yon sètifika nan men l lè sa a, sètifika sa a kapab kalifye l pou yon lisans, lè l prezante l bay yon ansyen, ki kapab otorize l pou l akonpli devwa apèl li yo, oubyen li dwe resevwa l nan yon konferans.

65 Yo pa dwe òdone pèsonn pou yon ofis nan legliz sa a, kote gen yon branch regilye legliz la ki òganize, san vòt legliz sa a;

66 Men, ansyen k ap prezide yo, evèk k ap vwayaje yo, manm gran konsèy yo yo, gran prèt yo, ak ansyen yo kapab gen privilèj pou yo òdone moun, kote pa gen branch legliz la pou vote.

67 Chak prezidan nan gran prètriz la (oubyen ansyen k ap prezide a) evèk, manm gran konsèy, ak gran prèt dwe resevwa òdinasyon sou direksyon yon gran konsèy oubyen yon konferans jeneral.

68 Devwa manm yo apre yo fin resevwa batèm—Ansyen yo oubyen prèt yo dwe gen ase tan pou eksplike yo epi fè yo konprann tout bagay konsènan legliz Kris la, anvan yo pran sentsèn nan epi anvan ansyen yo konfime yo anba enpozisyon men ansyen yo, pou tout bagay kapab fèt nan lòd.

69 Epi manm yo dwe manifeste devan legliz la, ak devan ansyen yo, avèk yon konduit epi yon konvèsasyon agreyab, pou fè konnen yo diy pou sa, pou kapab gen zèv ak lafwa ki gen rapò avèk ekriti sen yo—pou yo mache nan sentete devan Senyè a.

70 Chak manm nan legliz Kris la ki gen pitit, li dwe mennen yo bay ansyen yo devan legliz la, ki dwe enpoze men sou yo nan non Jezikri, pou beni yo nan non l.

71 Yo pa kapab resevwa okenn moun nan legliz Kris la san li pa rive nan laj responsablite devan Bondye, epi san l pa kapab fè repantans.

72 Batèm dwe administre nan fason sa a pou tout moun ki repanti—

73 Moun Bondye bay apèl la epi ki jwenn otorite nan men Jezikri pou l fè batèm dwe desann nan dlo a avèk moun ki prezante tèt li pou batèm nan, epi li dwe di, pandan l nonmen non moun nan: Paske m te resevwa otorite nan men Jezikri, m batize ou nan non Papa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a. Amèn.

74 Apre sa li dwe plonje l anba dlo a, epi soti l nan dlo a.

75 Epi li nesesè pou legliz la reyini ansanm souvan pou yo pataje pen ak bwè diven nan memwa Senyè a Jezi;

76 Epi ansyen an oubyen prèt la dwe administre l; epi se nan fason sa a li dwe administre l—li dwe mete l ajenou avèk legliz la pou l envoke non Papa a nan yon priyè solanèl, pou l di:

77 O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye pen sa a pou nanm tout moun ki pran ladan l, pou yo kapab manje nan memwa kò Pitit Gason w lan, epi pou yo rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo vle pote non Pitit Gason w lan sou yo, pou yo toujou sonje l, epi pou yo respekte kòmandman l yo ke li te ba yo, pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo. Amèn.

78 Fason pou administre diven an—lap pran a, epi l di:

79 O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye diven sa a pou nanm tout moun ki bwè ladan l, pou yo kapab fè sa nan memwa san Pitit Gason w lan, ki te koule pou yo; pou yo kapab rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo toujou sonje l, pou yo kapab gen Lespri l avèk yo. Amèn.

80 Nenpòt manm nan legliz Kris la ki transgrese, oubyen yo kenbe nan yon fot, yo dwe trete l jan ekriti yo di a.

81 Se pral devwa tout branch yo, ki fè pati legliz Kris la, pou yo voye youn oubyen pliziè nan enstriktè yo patisipe nan tout konferans ansyen yo nan legliz la,

82 Avèk yon lis non anpil manm yo ki te reyini ansanm nan legliz la depi dènye konferans la; oubyen voye kèk prèt pote l; konsa, pou youn nan ansyen yo kapab kenbe yon lis regilye ki gen non tout manm legliz la nan yon liv, nenpòt moun lòt ansyen yo nonmen tanzantan;

83 Epi tou, si ta genyen nenpòt moun yo te chase nan legliz la, pou non yo ta kapab efase nan rejis jeneral legliz la.

84 Tout manm ki deplase nan zòn legliz la kote yo rete a, si yo prale nan yon inite legliz la kote moun pa konnen yo, yo dwe pran yon lèt pou sètifye yo se manm regilye epi yo gen bon dosye, sètifika sa a, nenpòt ansyen oubyen nenpòt prèt kapab siyen l, si manm sa a k ap resevwa lèt la konnen ansyen an oubyen prèt la pèsonèlman, oubyen enstriktè ak dyak yo nan legliz la kapab siyen l.