Ekriti yo
Temwayaj Ywit Temwen yo


Temwayaj Ywit Temwen Yo

Se pou tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp ki resevwa liv sa a konnen: Joseph Smith, pitit la, tradiktè travay sa a te montre nou plak yo te mansyone yo, ki sanble avèk lò; epi nou te touche avèk men nou, tout paj nonm ki rele Smith la te tradui yo; epi tou nou te wè ekriti yo, yo tout te sanble avèk travay ansyen ki te fèt avèk swen. Epi nou temwaye avèk pawòl tanperans ke nonm ki rele Smith la te montre nou yo, paske nou te wè yo epi nou te soulve yo, epi nou konnen sètènman nonm ki te rele Smith la te gen plak nou te pale yo. Epi nou bay mond lan non nou, pou nou temwaye devan mond lan, pou sa nou te wè. Epi nou pa manti, Bondye sèvi nou temwen.

Christian Whitmer

Jacob Whitmer

Peter Whitmer, pitit la

John Whitmer

Hiram Page

Joseph Smith, papa a

Hyrum Smith

Samuel H. Smith