Ekriti yo
Yon Esplikasyon Brèf Konsènan Liv Mòmon An


Yon Esplikasyon Brèf Konsènan Liv Mòmon An

Liv Mòmon an se yon istwa sakre konsènan pèp nan ansyen Amerik la epi li te grave sou plak metal. Sous kote rejis sa a te konpile a genyen ladan:

  1. Plak Nefi yo, ki te de kalite: ti plak yo ak gran plak yo. Premye yo te ekri patikilyèman konsènan bagay espirityèl ak ministè ak ansèyman pwofèt yo, tandiske dezyèm yo plis genyen istwa òdinè konsènan pèp la (1 Nefi 9:2–4). Men nan tan Mozya a, gran plak yo te genyen kèk eleman ki gen gran enpòtans espirityèl.

  2. Plak Mòmon yo, ki se yon rezime Mòmon te tire nan gran plak Nefi yo, avèk anpil kòmantè. Plak sa yo gen yon rès istwa Mòmon yo avèk sa pitit li a, Mowoni ajoute.

  3. Plak Etè yo, ki prezante istwa Jaredit yo. Mowoni te rezime rejis sa a, li te mete kòmantè pa l e li te konbine rejis la avèk istwa jeneral la sou tit “Liv Etè a.”

  4. Plakderen yo, Leyi te pote sòti nan Jerizalèm 600 zan anvan Jezikri. Plak sa yo gen “senk liv Moyiz yo, … epi tou istwa Juif yo depi nan kòmansman, … desann vin nan kòmansman gouvènman Sedesyas, wa nan peyi Jida a; epi pwofesi pwofèt sen yo tou” (1 Nefi 5:11–13). Anpil sitasyon ki sòti nan plak sa yo, ki mansyone Ezayi ak lòt pwofèt biblik ak lòt pwofèt ki pa biblik, parèt nan Liv Mòmon an.

Liv Mòmon an gen kenz pati oubyen divizyon prensipal, ki rele liv, avèk yon sèl eksepsyon, epi ki abityèlman pote non prensipal ekriven liv sa yo. Premye pòsyon an (sis premye liv yo, ki fini avèk Omni) se yon tradiksyon ki sòti nan ti plak Nefi yo. Ant liv Omni an ak liv Mozya a gen yon pòsyon ki rele Pawòl Mòmon yo. Pòsyon sa a konekte istwa ki ekri sou ti plak yo avèk rezime Mòmon te tire nan gran plak yo.

Pòsyon ki pi long nan, depi nan Mozya jouk nan Mòmon chapit 7, se tradiksyon rezime Mòmon te fè nan gran plak Nefi yo. Pòsyon final la depi nan Mòmon chapit 8 jiska lafen liv la, se Mowoni, pitit gason Mòmon an ki te ekri l. Lè l te fini istwa lavi papa l la, li te fè yon rezime istwa Jaredit yo (kòm liv Etè a) epi apre sa li te ajoute pati ki rele liv Mowoni an.

Nan ane 421 apre Jezikri a oubyen apeprè lè sa a, Mowoni, dènye pwofèt istoryen Nefit yo, te sele rejis sakre yo epi li te kache yo nan Senyè a, pou yo te kapab revele nan dènye jou yo, jan vwa Bondye te predi l atravè ansyen pwofèt Li yo. Nan lane 1823 apre Jezikri, menm Mowoni sa a, ki te vin tounen yon pèsonaj resisite, te vizite pwofèt Joseph Smith epi apre sa li te ba l plak ki te gen ekriti yo.

Konsènan edisyon sa a: Paj tit orijinal la, ki vin imedyatman anvan paj kontni yo, soti nan plak yo e li fè pati tèks sakre a. Entwodiksyon nan fòma ki pa italik yo, tankou nan 1 Nefi epi imedyatman anvan Mozya chapit 9 la, fè pati tèks sakre a tou. Entwodiksyon ann italik yo, tankou nan antèt chapit yo, pa fè pati tèks original la men yo se èd pou etid yo mete la pou rann lekti a pi fasil.

Gen kèk ti erè ki te toujou repete nan tèks yo nan ansyen edisyon Liv Mòmon ki te pibliye an Anglè yo. Edisyon sa a gen koreksyon ki sanble yo apwopriye, pou fè materyèl sa a vin konfòm avèk maniskri anvan piblikasyon yo ak premye edisyon Pwofèt Joseph Smith te prepare yo.