Ekriti yo
Temwayaj Pwofèt Joseph Smith


Temwayaj Pwofèt Joseph Smith La

Men pawòl pa Pwofèt Joseph Smith konsènan aparisyon Liv Mòmon an:

“Nan sware venteyinyèm Septanm [1823] a … m te lage tèt mwen nan la priyè ak siplikasyon devan Bondye Toupuisan an. …

“Pandan m te an aksyon m t ap priye Bondye a, m te remake yon limyè ki t ap parèt nan chanm mwen an, ki te kontinye grandi jistan chanm nan te vin pi klere pase midi, epi imedyatman, yon pèsonaj te parèt devan kabann mwen an, li te kanpe sispandi anlè, paske pye l yo pa t touche planche a.

“Li te abiye avèk yon wòb ki te pi blanch pase tout lòt. Se te yon blanchè ki te depase nenpòt bagay terès m pa t janm konn wè; ni tou m pa kwè okenn moun ta kapab fè okenn bagay terès vin parèt byen blanch ak briyan konsa. Men li pa t kouvri, ak bra li tou, yon ti jan anwo ponyèt li; pye li tou, ak janm li, yon ti jan anwo jwenti yo. Tèt li ak kou l pa t kouvri tou. M te kapab dekouvri li pa t gen okenn lòt rad sou li eksepte wòb sa a, kòm li te louvri, konsa m te kapab wè lestomak li.

“Non sèlman wòb sa a te blanch anpil, men, tout kò li te pi glorifye pase tout deskripsyon, epi aparans li te gade tankou zèklè. Chanm nan te klere anpil, men, li pa t osi klere menm jan tankou alantou pre kò li. Lè m te gade l pou premye fwa a, m te pè; men, lakrent la te kite m lamenm.

“Li te site non mwen, epi l te di m konsa li se yon mesaje ki te soti nan prezans Bondye vin kote m, epi li te rele Mowoni; li te di konsa, Bondye gen yon travay pou mwen fè; epi non mwen ta pral site pou byen ak mal pami tout nasyon, fanmi, ak lang, oubyen yo t ap pale pou ni byen ak mal pami tout pèp.

“Li te di konsa te gen yon liv ki te antere, ki te ekri sou plak lò, ki rakonte istwa ansyen abitan yo ki te sou kontinan sa a, ak sous orijin yo. Li te di tou, plenitid levanjil etènèl la nan liv la tou, jan Sovè a te bay ansyen abitan yo li;

“Epi tou te gen de wòch kristal ki mare nan sèk an ajan—epi wòch kristal sa yo te tache sou yon boukliye ki te fòme sa ki rele Ourim ak Toumim nan—ki te antere avèk plak yo; epi posede wòch sa yo epi itilize yo te konn fè moun vin tounen ‘vwayan’ nan ansyen tan oubyen tan anvan yo; epi Bondye te prepare yo nan bi pou tradui liv la. …

“Epi, li te di m konsa, lè m jwenn plak sa yo li te pale a—paske lè pou m te jwenn yo a pa t ko akonpli—m pa dwe montre pèsonn moun yo; ni boukliye ki gen Ourim ak Toumim nan; se sèlman moun m gen kòmandman pou m montre yo; si m ta fè sa, m t ap detwi. Pandan li t ap konvèse avèk mwen konsènan plak yo, vizyon an te louvri nan panse m epi m te kapab wè plas kote plak yo te antere a, epi sa te tèlman klè, tèlman presize, m te deja konnen plas la lè m te vizite l.

“Apre kominikasyon sa a, m te wè limyè nan chanm nan te kòmanse rasanble dirèkteman alantou moun ki t ap pale avèk mwen an, epi l te kontinye fè sa jistan chanm nan te vin fènwa ankò, eksepte dirèkteman alantou li; epi menm moman an, m te wè kòmsi yon ouvèti te louvri dwat anlè nan syèl la, epi l te monte jistan l te disparèt totalman, epi chanm nan te vin tounen menm jan l te ye anvan limyè selès sa a te fè aparisyon l nan.

“M te kouche ap reflechi sou jan sèn sa a te etranj, epi m te etone anpil pou bagay mesaje ekstraòdinè sa a te di m yo; pandan m te nan mitan meditasyon m nan, menm moman, m te dekouvri chanm mwen an te kòmanse limen ankò, epi nan yon moman, kòm sa te sanble, menm mesaje selès la te bò kote kabann mwen ankò.

“Li te kòmanse, epi li te rakonte menm bagay egzat li te di nan premye vizit li a ankò, san menm yon tikal chanjman; lè l te fin fè sa, li te enfòme m konsènan gran jijman ki te gen pou vini sou tè a, avèk gran dezolasyon anba grangou, epe, ak lapès; epi gran jijman sa yo ta pral vini sou tè a nan jenerasyon sa a. Lè l te fin rakonte bagay sa yo, li te monte ankò jan l te fè anvan an.

“Apre tout tan sa a, enpresyon ki te fèt sou panse m yo te tèlman pwofon, m pa t gen dòmi ankò, epi m te kouche anvayi anba etònman pou sa m te wè ak tande. Men, m te gen sipriz lè m te wè menm mesaje a bò kabann mwen an ankò, epi m te tande l reprann oubyen repete m menm bagay anvan yo; epi li te ajoute yon avètisman pou mwen, li te di m konsa, Satan ta pral eseye tante m (kòm konsekans poutèt povrete fanmi m), pou m ale pran plak yo nan objektif pou m kapab vin rich. Li te defann mwen fè bagay sa a, li te di konsa, m pa dwe gen okenn lòt objektif nan tèt mwen lè m ap pran plak yo, eksepte pou m glorifye Bondye, epi tou m pa dwe kite okenn lòt motif enfliyanse m eksepte pou m bati wayòm li a; si se pa sa, m p ap kapab jwenn yo.

“Apre twazyèm vizit sa a, li te remonte nan syèl la jan l te fè anvan an, epi m te rete pou kont mwen ap reflechi sou jan eksperyans m te fèk fè a te etranj; epi prèske imedyatman apre mesaje selès la te fin monte kite m pou twazyèm fwa a, kòk la te chante, epi m te wè jou a t ap pwoche, konsa konvèsasyon nou an te pran tout nuit la.

“M te reveye sou kabann mwen yon ti tan apre sa, epi kòm dabitid, m t ale nan travay ki nesesè pou jounen an; men, lè m t ap eseye travay jan m te konn fè lòt fwa yo, m te tèlman fèb sa te fè m pa kapab ditou. Papa m ki t ap travay avèk mwen te dekouvri yon bagay ki pa t nòmal nan mwen, epi l te di m pou m ale lakay. M te pati nan entansyon pou m ale lakay; men, lè m te eseye travèse lantouraj nan limit chan kote nou te ye a, m te pèdi fòs nèt, epi m te tonbe san sekou atè a, epi pou kèk tan, m te san konesans.

“Premye bagay m kapab sonje se te yon vwa ki t ap pale avèk mwen, ki te site non m. M te gade anlè, epi m te wè menm mesaje a ki te kanpe anlè tèt mwen, ki te antoure avèk limyè menm jan avèk anvan an. Li te rakonte m tout bagay li te rakonte nan nuit anvan an, epi l te kòmande m pou m ale kote papa m pou m rakonte l vizyon an ak kòmandman m te resevwa yo.

“M te obeyi; m te retounen kote papa m nan chan an, epi m te rakonte l tout bagay. Li te di m konsa, se zafè Bondye, epi li te di m pou m ale fè jan mesaje a te kòmande m nan. M te kite chan an epi m ale kote mesaje a te di m plak lò yo te depoze a; epi granmèsi klète vizyon m te fè a, m te konnen plas la menm moman m te rive a.

“Nan vilaj Manchester a, Konte Ontario, New York, te gen yon kolin men gwosè konsiderab, epi ki te pi wo nan tout vwazinaj la. Sou kote lwès kolin sa a, pa twò lwen tèt la, anba yon wòch men gwosè konsiderab, plak yo te kouche, yo te depoze nan yon bwat an wòch. Bwat la te epè, epi l te won nan mitan sou fas ki pi wo a, epi li te pi plat sou kote yo, konsa pati ki nan mitan an te vizib anlè tè a, men, kote alantou yo te kouvri anba tè a.

“Lè m te fin wete tè yo, m te jwenn yon levye m te foure anba kote wòch la, epi avèk yon ti efò, m te leve l. M te gade andedan l, epi gade m te wè plak yo, Ourim ak Toumim nan, ak boukliye a, jan mesaje a te di a. Bwat kote yo te ye a te fòme avèk wòch ki te kole ansanm avèk yon kalite siman. Anba bwat la te gen de wòch ki te kwaze youn sou lòt travèse andedan bwat la, epi se sou wòch sa yo plak yo ak lòt bagay ki te avèk yo a te depoze.

“M te eseye wete yo, men, mesaje a te defann mwen, epi li te fè m sonje lè pou yo pibliye a patko rive, ni tou li pako ap rive anvan katran apati lè sa a; men, li te di m konsa m dwe retounen nan kote sa a presizeman nan yon ane apati lè sa a, epi li t ap rankontre m nan kote sa a, epi m te dwe kontinye fè sa jistan lè a te rive pou m resevwa plak yo.

“Daprè jan l te kòmande m nan, m te ale nan finisman chak ane, epi chak fwa, m te jwenn menm mesaje a nan kote sa a, epi m te resevwa enstriksyon ak enfòmasyon nan men l nan chak konvèsasyon nou yo, konsènan kisa Senyè a ta pral fè, kòman epi nan ki fason wayòm li a ta dwe dirije nan dènye jou yo. …

“Alafen, lè a te rive pou m te jwenn plak yo, Ourim ak Toumim nan, ak boukliye a. Nan venndezyèm jou mwa Septanm mil ywisan vensèt la, pandan m te ale kòm dabitid kote yo te depoze a, menm mesaje selès la te livre yo ban mwen avèk responsablite sa a: pou m responsab yo; si m ta kite yo san pwoteksyon, oubyen poutèt nenpòt neglijans m ta lakoz yo pèdi, m t ap retranche; men, si m ta fè tout efò m pou m prezève yo, jistan li menm, mesaje a ta vin chèche yo, y ap pwoteje.

“La a menm, m te vin wè rezon ki te fè m te resevwa yon avètisman sevè konsa pou m kenbe yo an sekirite a, epi poukisa mesaje a te di konsa lè m te fin fè sa li te mande m nan li t ap retounen vin pran yo. Paske pa lontan apre moun te vin konnen m te genyen yo, efò ki pi mètdam posib te fèt pou wete yo nan men m. Yo te mete an plas tout fent yo te ka envante plas nan objektif sa a. Pèsekisyon an te vin pi rèd, pi di pase anvan, epi anpil anpil moun t ap siveye tout tan pou yo te pran yo nan men m si sa ta posib. Men, avèk lasajès Bondye, yo te rete an sekirite nan men m. Lè, daprè aranjman, mesaje a te vin chèche yo, m te ba li yo; epi li genyen yo sou responsablite li jouk jodi a, ki se dezyèm jou mwa Me mil ywisan trantuit.”

Pou yon rapò pi konplè, gade Istwa—Joseph Smith, nan Pèl Gran Pri a.

Konsa, ansyen rejis yo te sòti anba tè a tankou vwa yon pèp k ap pale soti anba tè a, e li te tradui nan yon langaj modèn avèk don e avèk pouvwa Bondye menm jan afimasyon Diven te deklare a, li te pibliye bay mond lan premyèman an Anglè nan ane 1830 kòm The Book of Mormon.