Ekriti yo
Pawòl Mòmon yo 1


Pawòl Mòmon yo

Chapit 1

Mòmon rezime gwo plak Nefi yo—Li mete ti plak yo avèk lòt plak yo—Wa Benjamen tabli lapè nan peyi a. Anviwon 385 apre Jezikri.

1 Epi, mwen menm, aMòmon, m pral remèt rejis m te fè yo bay Mowoni, pitit gason m nan, m te temwen prèske tout destriksyon pèp mwen an, Nefit yo.

2 Epi, se apre aanpil santèn ane lè Kris la te fin vini, m te remèt rejis sa yo bay pitit gason m nan; daprè sa m sipoze, li pral temwen tout destriksyon pèp mwen an. Men, se pou Bondye fè l pa mouri nan destriksyon yo pou l kapab ekri kèk bagay konsènan yo, pou l kapab ekri kèk bagay konsènan Kris la, yon jou petèt, sa kapab pou bpwofi yo.

3 Kounyeya, m ap pale kèk bagay, konsènan sa m te ekri; paske lè m te fin arezime nan bplak Nefi yo, jouk nan gouvènman wa Benjamen sa a Amaleki te pale a, m te chèche nan crejis ki te nan men m yo, e m te jwenn plak sa yo ki gen yon ti istwa konsènan pwofèt yo depi nan Jakòb jouk nan wa dBenjamen sa a, ak anpil nan pawòl Nefi yo.

4 Epi, bagay ki sou plak sa yo fè am plèzi, poutèt pwofesi konsènan aparisyon Kris la; e zansèt mwen yo te konnen anpil ladan yo te akonpli; wi, epi tou m konnen tout pwofesi ki te fèt konsènan nou jouk jodi a, yo te akonpli; e tout sa ki vini apre jodi a dwe akonpli sètènman—

5 Se poutèt sa, m chwazi abagay sa yo pou m fini rejis mwen an sou yo, e m pral pran rès istwa m nan sou bplak Nefi yo; e m pa kapab ekri yon csantyèm nan istwa pèp mwen an.

6 Men gade, m pral pran plak sa yo, ki gen pwofesi ak revelasyon yo, e m pral mete yo avèk rès rejis mwen yo, paske yo enpòtan pou mwen; e m konnen yo pral enpòtan pou frè m yo.

7 Epi, m fè sa pou yon arezon ki saj; paske se chichotman sa a m te tande nan zòrèy mwen daprè manifestasyon Lespri Senyè a ki nan mwen an. Epi kounyeya, m pa konnen tout bagay; men Senyè a bkonnen tout bagay ki gen pou fèt; se poutèt sa, li travay nan mwen pou l fè daprè volonte l.

8 Epi, apriyè m devan Bondye, se pou frè m yo, pou yo kapab rekonèt Bondye, wi, redanmsyon Kris la, pou yo kapab vin tounen yon pèp bchaman ankò.

9 Epi kounyeya, mwen menm, Mòmon, m pral fini rejis mwen an, rejis m pran sou plak Nefi yo; e m fè l daprè konesans ak konpreyansyon Bondye te ban mwen.

10 Se poutèt sa, se te konsa, lè Amaleki te fin aremèt plak sa yo nan men wa Benjamen, li te pran yo, e li te mete yo avèk blòt plak ki gen istwa ki te pase nan men cwa yo, depi yon jenerasyon apre yon lòt jouk nan epòk wa Benjamen an.

11 Epi, yo te pase nan men wa Benjamen, yon jenerasyon apre yon lòt jistan yo te tonbe nan amen m. Epi, mwen menm, Mòmon, m priye Bondye pou yo kapab prezève depi kounyeya pou tout tan. Epi, m konnen yo pral prezève; paske gen gran bagay ki ekri sou yo, se daprè bagay sa yo pèp mwen an ak frè l yo pral bjije nan gwo jijman dènye jou a, daprè pawòl Bondye ki ekri.

12 Epi, kounyeya, konsènan wa Benjamen sa a—te yon jan gen chirepit nan pami pèp pa li a.

13 Epi, se te konsa tou, lame Lamanit yo te desann nan apeyi Nefi a, pou yo goumen kont pèp li a. Men, wa Benjamen te rasanble lame li yo ansanm, e li te kanpe kont yo; e li te batay avèk fòs ponyèt pa li, avèk bepe Laban an.

14 Epi, se te konsa, avèk fòs Senyè a, yo te goumen kont ènmi yo, jistan yo te touye anpil milye nan Lamanit yo. Epi, se te konsa, yo te goumen kont Lamanit yo jistan yo te pouse yo deyò nan peyi eritaj yo.

15 Epi, se te konsa, apre te fin gen fo aKris, epi bouch yo te fin fèmen, epi yo te resevwa pinisyon daprè krim yo te fè;

16 Epi, apre te fin gen fo pwofèt, fo predikatè ak enstriktè nan pami pèp la, e yo tout te resevwa pinisyon daprè krim yo te fè; e apre te fin gen anpil chirepit ak anpil divizyon ki te pase nan pami Lamanit yo, reyèlman, se te konsa, wa Benjamen, avèk asistans apwofèt sen yo ki te nan pami pèp li a—

17 Paske, wa Benjamen te yon anonm sen, e li te gouvène pèp li a avèk lajistis; e te gen anpil nonm ki sen nan peyi a, e yo te pale pawòl Bondye a avèk bpouvwa e avèk otorite; e yo te aji avèk anpil cseverite, poutèt pèp la ki te gen kou rèd—

18 Se poutèt sa, avèk èd moun sa yo, wa Benjamen te travay avèk tout pouvwa kò li e avèk fakilte tout nanm li, e pwofèt yo tou, yo te tabli lapè nan peyi a yon fwa ankò.