Ekriti yo
Mowoni 4


Chapit 4

Kòman ansyen yo ak prèt yo administre pen sentsèn nan. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 aFason bansyen yo ak prèt yo administre kò ak san Kris la bay legliz la; e yo te cadministre l daprè kòmandman Kris la; se poutèt sa nou konnen se vrè fason an; e ansyen an oubyen prèt la te administre l—

2 Yo te mete ajenou avèk manm legliz yo, e yo te priye Papa a nan non Kris la, yo te di:

3 O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye apen sa a pou nanm tout moun ki pran ladan l, pou yo kapab manje nan bmemwa kò Pitit Gason w lan, epi pou yo rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo vle pote cnon Pitit Gason w lan sou yo, pou yo toujou sonje l, epi pou yo respekte kòmandman l yo ke li te ba yo, pou yo kapab toujou gen dLespri l avèk yo. Amèn.