Ekriti yo
Mowoni 8


Chapit 8

Batèm timoun piti se yon abominasyon—Timoun piti yo vivan nan Kris la poutèt Ekspyasyon an—Lafwa, repantans, kè dou ak bon kè, resepsyon Sentespri a, ak pèsevere jiska lafen mennen nan sali. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 Yon lèt, aPapa m Mòmon te ekri m, mwen menm Mowoni; e li te ekri m li apre m te fin resevwa apèl nan ministè a. Epi, men jan li te ekri m, li te di:

2 Pitit gason byenneme m nan, Mowoni, m kontan anpil Senyè Jezikri w la te sonje w, e li te rele w vin nan ministè li a, ak travay sen li a.

3 M sonje w tout tan nan priyè m yo, tout tan m priye Papa Bondye nan non Pitit Sen li a, Jezi, pou l kapab, nan abonte ak bgras enfini li, kenbe w nan pèsevere nan lafwa nan non li jiska lafen.

4 Epi kounyeya, pitit gason m nan, m ap pale w konsènan sa ki fwase m anpil; paske sa fwase m pou gen adiskisyon leve nan pami nou.

5 Paske, si m te byen tande, te gen diskisyon nan pami nou konsènan batèm timoun piti yo.

6 Epi kounyeya, pitit gason m nan, m ta vle w travay avèk dilijans, pou vye erè sa a ta sòti nan pami nou; paske, se poutèt sa m ekri w lèt sa a.

7 Paske, imedyatman m te aprann bagay sa yo konsènan nou, m te mande Senyè a konsènan sijè sa a. Epi apawòl Senyè a te vin jwenn mwen avèk pouvwa Sentespri a, li te di:

8 Koute pawòl Kris la, Redanmtè w la, Senyè w la, ak Bondye w la. Gade m pa t vin nan mond lan pou m rele moun ki jis yo nan repantans, men pou pechè yo; moun ki gen asante pa bezwen doktè, men se moun ki malad; se poutèt sa, btimoun piti yo cbyen, paske yo pa kapab fè dpeche; se poutèt sa, malediksyon eAdan an sòti sou tèt yo poutèt mwen, konsa li pa gen pouvwa sou yo; e lalwa fsikonsizyon an fini ak mwen.

9 Epi se konsa Sentespri a te manifeste pawòl Bondye a ban mwen; se poutèt sa, pitit gason m nan, m konnen se yon zak ki grav devan Bondye, pou timoun piti yo ta batize.

10 Gade, m ap di nou kisa, pou w preche la—repantans ak batèm, pou moun ki gen amatirite, e ki kapab fè peche; wi, ansenye paran yo pou yo repanti e pou yo batize, e pou yo gen imilite menm jan avèk btimoun piti yo, e yo tout ap sove avèk timoun piti yo.

11 Epi atimoun piti yo pa bezwen repanti, ni batize. Gade, batèm se pou repantans, pou akonpli kòmandman yo, jouk nan bremisyon peche.

12 Men atimoun piti yo vivan nan Kris la, menm depi nan fondasyon mond lan; si se pa sa, Bondye se yon Bondye ki nan patipri, epi tou, yon Bondye ki kapab chanje, epi ki bgade figi; paske gen yon pakèt timoun ki te mouri san batèm!

13 Se poutèt sa, si timoun piti yo pa t kapab sove san batèm, timoun sa yo ta pral nan yon lanfè san fen.

14 Gade, m ap di nou, yon moun ki panse timoun piti yo bezwen batize, li nan mitan yon fyèl anmè ak anba kòd inikite; paske li pa gen ni alafwa, ni esperans, ni charite; se poutèt sa, si l ta mouri pandan l ap panse sa, li ta pral desann nan lanfè.

15 Paske se yon mechanste terib panse Bondye sove yon timoun poutèt batèm, e yon lòt dwe peri paske li pa t batize.

16 Malè moun ki pèvèti chemen Senyè a konsa, paske y ap peri si yo pa repanti. Gade, m pale, paske Bondye ban m aotorite; e m pa pè sa lèzòm kapab fè; paske blanmou pafè cchase tout krentif.

17 Epi m chaje avèk acharite, ki se lanmou etènèl; se poutèt sa, tout timoun piti yo menm jan devan m; se poutèt sa, m renmen btimoun piti yo avèk yon lanmou pafè; yo tout menm jan, e yo pral patisipe nan sali a.

18 Paske m konnen Bondye pa nan patipri, ni tou li pa yon Bondye k ap chanje; men li aenchanjab depi bnan letènite jouk nan tout letènite.

19 aTimoun piti pa kapab repanti; se poutèt sa, se yon mechanste terib lè moun nye mizèrikòd pi Bondye genyen pou yo, paske yo tout vivan nan li poutèt bmizèrikòd li.

20 Epi yon moun ki di timoun piti yo bezwen batize, moun sa a nye mizèrikòd Kris la, e moun sa a pa bay aekspyasyon li a ak pouvwa redanmsyon li a okenn valè.

21 Malè pou moun konsa, paske yo nan danje lanmò, alanfè, ak yon touman bsan fen. M pale sa klè; Bondye te kòmande m. Koute bagay sa yo, e prete atansyon, oubyen y ap leve kont nou devan fotèy cjijman Kris la.

22 Paske gade nou dwe konprann tout timoun piti yo kòm avivan nan Kris la, epi tou ak tout moun ki pa gen blalwa. Paske pouvwa credanmsyon an vini sou tout moun ki pa gen lalwa; se poutèt sa, yon moun ki pa kondane, oubyen yon moun ki pa sou okenn kondanasyon, li pa kapab repanti, e pou yon moun konsa, batèm pa gen okenn valè—

23 Men, se yon zak ki grav devan Bondye, lè yon moun nye mizèrikòd Kris la ak pouvwa Lespri Sen li a, e li mete konfyans li nan travay ki amouri.

24 Gade, pitit gason m nan, bagay sa a pa dwe fèt, paske arepantans se pou moun ki anba kondanasyon ak anba malediksyon yon lalwa li te vyole.

25 Epi, premye fwi arepantans se bbatèm; e batèm nan vini pa mwayen lafwa pou akonplisman kòmandman yo; e akonplisman kòmandman yo pote cremisyon pou peche yo.

26 Epi, remisyon peche yo pote adousè ak kè poze; e poutèt dousè ak kè poze bSentespri a vizite moun, kòm ckonsolatè ki chaje avèk desperans ak elanmou pafè, lanmou ki pèsevere avèk fdilijans nan glapriyè, jistan lafen an vini, lè tout hsen yo pral rete avèk Bondye.

27 Gade, pitit gason m nan, m ap ekri w ankò si m pa mache talè konsa kont Lamanit yo. Gade, alògèy nasyon sa a, oubyen lògèy pèp Nefit la ap lakoz destriksyon yo si yo pa repanti.

28 Priye pou yo, pitit gason m nan, pou yo ka jwen la repantans. Men, gade, m pè pou Lespri a pa sispann alite avèk yo; e nan zòn sa a nan peyi a, y ap chèche kraze tout pouvwa ak otorite ki sòti kote Bondye; e yo bnye Sentespri a.

29 Epi apre yo te fin rejte yon si gwo konesans, pitit gason m nan, yo dwe peri pou akonpli pwofesi pwofèt yo te pale yo, ak pawòl Sovè a limenm te pale yo tou.

30 Orevwa, pitit gason m nan, jistan m ekri w, oubyen jistan m rankontre w ankò. Amèn.