Ekriti yo
Mowoni 2


Chapit 2

Jezi te bay douz disip Nefit yo pouvwa pou yo kapab konfere don Sentespri a. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 Pawòl Kris la te di adisip li yo, douz apot li te chwazi yo, pandan li te poze men l yo sou yo—

2 Epi li te site non yo, li te di: Nou dwe envoke Papa a nan non m, nan gwo priyè; e lè nou fin fè sa, n ap gen apouvwa, konsa, lè nou poze bmen nou yo sou tèt yon moun, cn ap ba li Sentespri a; e n ap bay li nan non m; paske se konsa apot mwen yo fè.

3 Kris la te di yo pawòl sa yo premye fwa li te parèt la; e foul la pa t tande sa, men disip yo te tande sa; e, sou tout moun yo te apoze men yo, Sentespri a te desann.