Ekriti yo
Mowoni 3


Chapit 3

Ansyen yo òdone prèt ak enstriktè pa enpozisyon demen yo. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 Fason disip yo ki te pote non aansyen yo nan legliz la te bòdone prèt yo ak enstriktè yo—

2 Lè yo te fin priye Papa a nan non Kris la, yo te poze men yo sou tèt yo, e yo te di:

3 Nan non Jezikri, m òdone w pou w kapab vin yon prèt (oubyen si se yon enstriktè, m òdone w pou w kapab vin yon enstriktè) pou preche repantans ak aremisyon peche nan Jezikri, ak pèseverans nan lafwa, nan non li, jiska lafen. Amèn.

4 Epi se konsa yo te aòdone prèt ak enstriktè, daprè bdon ak apèl Bondye te fè lèzòm; e yo te òdone yo avèk cpouvwa Sentespri a ki te nan yo.