Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 1


Doktrin ak Alyans yo

Seksyon 1

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la, te resevwa premye Novanm 1831, pandan yon konferans espesyal pou ansyen yo nan Legliz la, ki te fèt nan Hiram, Ohio. Li te resevwa anpil revelasyon nan men Senyè a anvan lè sa a, epi konpilasyon revelasyon sa yo pou piblikasyon sou fòm liv te youn nan sijè prensipal ki te pale nan konferans lan. Seksyon sa a reprezante prefas Senyè a pou doktrin yo, alyans yo, ak kòmandman li te bay yo nan dispansasyon sa a.

1–7, Vwa avètisman an se pou tout pèp; 8–16, Apostazi ak mechanste rive anvan Dezyèm Vini an; 17–23, Joseph Smith resevwa apèl pou l retabli verite ak pouvwa Senyè a sou tè; 24–33, Joseph Smith pibliye Liv Mòmon an e li tabli vrè Legliz la; 34–36, P ap gen lapè sou tè a ankò; 37–39, Sonde kòmandman sa yo.

1 Koute, nou menm pèp legliz mwen an, vwa sila a ki rete anlè a, ki gen je sou tout moun, di; Wi an verite Koute, nou menm pèp ki lwen yo; ak nou menm ki nan zile nan lanmè yo, nou tout vin tande.

2 Paske an verite, vre vwa Senyè a ale jwenn tout moun, e pèsonn p ap chape; e pa gen okenn je ki p ap wè, ni zòrèy ki p ap tande, ni ki p ap penetre.

3 E moun ki rebèl yo pral pèse avèk anpil lapenn; paske moun pral devwale inikite yo sou tèt kay yo, e Senyè a pral mete aksyon sekrè moun yo deyò.

4 Epi vwa avètisman an pral jwenn tout moun, nan bouch disip mwen yo ke m te chwazi nan dènye jou sa yo.

5 Yo pral epi avanse e pèsòn p ap kapab anpeche yo, paske mwen menm Senyè a m te kòmande yo.

6 Gade, se sa a otorite m, ak otorite sèvitè m yo, ak prefas mwen pou liv kòmandman m yo, m te ba yo pou yo pibliye a, pou nou menm, abitan tè yo.

7 Se poutèt sa, se pou nou gen lakrent epi tranble, nou menm pèp la, paske sa mwen menm Senyè a m te dekrete ladan yo a pral akonpli.

8 Epi an verite m di nou, moun ki ale pou pote bòn nouvèl sa yo bay abitan tè a, moun sa yo resevwa pouvwa pou yo sele sou tè a tankou nan syèl la, enkwayan yo ak rebèl yo;

9 Wi, an verite, pou sele yo nèt pou jou lè kòlè Bondye pral vide sou mechan yo san mezi a—

10 Pou jou lè Senyè a pral vini pou l rekonpanse chak moun daprè zèv yo, e pou mezire chak moun daprè mezi yo te mezire pwochen yo a.

11 Se poutèt sa, vwa Senyè a ale jisnan bout tè a, pou tout moun ki vle tande kapab tande:

12 Pare nou, pare nou pou sa ki pral rive a, paske Senyè a pre;

13 Kòlè Senyè a limen, epe l benyen nan syèl la, e li pral tonbe sou abitan tè yo.

14 Epi Senyè a pral revele bra l e jou senyè a pral rive pou li mete deyò pami pèp li a moun ki pa tande vwa li, ni vwa sèvitè l yo, ki pa vle koute pawòl pwofèt yo ak apot yo.

15 Paske yo detounen lwen òdonans mwen yo, epi yo vyole alyans etènèl mwen yo.

16 Yo pa chèche Senyè a pou yo tabli lajistis li, men chak moun mache nan pwòp chemen pa l, daprè imaj pwòp bondye li, imaj ki gen resanblans ak mond lan, epi ki gen nati yon idòl, yon idòl k ap vyeyi epi ki pral peri nan Babilòn, gran Babilòn sa ki pral tonbe a.

17 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, paske m konnen kalamite ki dwe tonbe sou abitan tè yo, m te rele sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, epi m te pale avèk li depi nan syèl la, epi m te ba li kòmandman yo.

18 Epi m te bay lòt moun kòmandman yo tou pou yo pwoklame bagay sa yo nan mond lan; epi tout sa fèt pou sa pwofèt yo te ekri yo kapab akonpli—

19 Bagay fèb yo nan mond lan pral avanse pou kraze sa ki fò yo, pou lòm pa konseye pwochen l, ni tou pou l pa kwè nan bra lachè—

20 Men pou chak moun kapab pale nan non Senyè Bondye a, Sovè mond lan menm;

21 Pou lafwa kapab ogmante sou tè a tou;

22 Pou alyans etènèl mwen an kapab tabli;

23 Pou moun ki fèb yo ak moun ki senp yo kapab pwoklame plenitid levanjil mwen an jis nan bout tè a, epi devan wa yo ak gouvènè yo.

24 Gade, m se Bondye epi m te di sa; kòmandman sa yo soti nan mwen, epi m te bay sèvitè m yo kòmandman sa yo nan feblès yo, daprè langaj pa yo, pou yo kapab rive konprann.

25 Epi toutotan yo fè erè pou yo kapab konnen;

26 Epi toutotan yo chèche lasajès pou yo kapab vin enstwi;

27 Epi toutotan yo fè peche pou yo kapab gen chatiman pou yo ka repanti;

28 Epi toutotan yo gen imilite pou yo kapab vin fò, pou yo resevwa benediksyon ki soti anwo, epi pou yo resevwa konesans tanzantan;

29 Epi apre l fin resevwa rejis Nefit yo, wi, pou sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, kapab gen pouvwa pou l tradui Liv Mòmon an pa mizèrikòd Bondye, avèk pouvwa Bondye.

30 Epi tou pou moun ki te resevwa kòmandman sa yo kapab gen pouvwa pou yo poze fondasyon legliz sa a, epi pou yo fè l soti nan tenèb ak fènwa, sèl legliz vrè epi vivan ki sou tout sifas tè a legliz sa a ki fè mwen menm Senyè a plèzi a mwen vle di tou, m ap pale avèk tout moun nan legliz la men pa avèk yon grenn moun—

31 Paske mwen menm Senyè a m pa kapab gade peche ak okenn degre tolerans;

32 Malgre sa, yon moun ki repanti epi ki obeyi kòmandman Senyè a l ap jwenn padon;

33 Epi Senyè tout Lame yo di konsa, yon moun ki pa repanti, y ap pran nan men l menm limyè li te resevwa a; paske Lespri m p ap lite tout tan avèk lòm.

34 Epi ankò, m di, O abitan tè yo: Mwen menm Senyè a m vle fè tout moun konnen bagay sa yo;

35 Paske m pa fè eksepsyon moun, epi m vle pou tout moun konnen jou a ap vini ak tout vitès; lè a poko rive, men li tou pre, pou pa gen lapè sou tè a, epi dyab la pral gen pouvwa sou pwòp teritwa li.

36 Epi tou Senyè a pral gen pouvwa sou sen li yo, li pral renye nan mitan yo, epi li pral desann nan jijman sou Idime, oubyen mond lan.

37 Sonde kòmandman sa yo, paske yo vrè epi yo fidèl, epi pwofesi ak pwomès ki ladan yo pral akonpli nèt.

38 Sa mwen menm Senyè a m te di a, m te di l, m pa mande eskiz; epi menm si syèl yo ak tè a pase, pawòl mwen yo p ap pase, men yo tout pral akonpli kit se avèk pwòp vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.

39 Paske gade, gade, Senyè a se Bondye, epi Lespri a rann temwayaj, epi temwayaj la vrè, epi verite a rete pou tout tan. Amèn.