Scripture Stories
Kote pou n konnen


Kote pou n konnen

(chif ant parantèz yo reprezante chapit ki pale sou evenman ki te rive nan kote sa yo.)

Kat 1: Tè Sent nan epòk Nouvo Testaman an

  1. Damas Pòl ta prale nan vil sa a lè Jezi te parèt devan li epi te di l pou l repanti. (59)

  2. Sezare Filip Nan zòn sa a Jezi te temwaye de lanmò li ak rezirèskyon li, epi Pyè te temwaye ke Jezi se Pitit Bondye. (32)

  3. Galile Jezi te pase anpil tan nan zòn sa a ap preche levanjil la ak geri malad. (19–20, 34, 36)

  4. Kapènaòm Jezi te fè anpil mirak nan vil sa a. (23–25, 30)

  5. Lanmè Galile Jezi te anseye levanjil la bay anpil moun tou pre kote sa a. Jezi te kalme yon tanpèt epi li te mache sou dlo Lanmè Galile a. (18, 21, 29)

  6. Kana Jezi te fè dlo tounen diven nan yon resepsyon nòs nan kote sa a. Yon mesye te vini pou mande Jezi pou geri pitit gason l ki te malad. (12, 16)

  7. Nazarèt Jezi te grandi nan vil sa a. (2, 4, 9, 17)

  8. Samari Jezi te anseye yon fi sou dlo lavi a bò yon pi nan peyi sa a. Pifò Jwif yo te rayi moun Samari yo. (15, 58)

  9. Rivyè Jouden Jan Batis te batize Jezikri nan rivyè sa a. (10)

  10. Jope Pyè te leve Tabita anba lanmò retounen nan lavi nan kote sa a. (60)

  11. Jeriko Nan parabòl bon Samariten an, yo te prèske touye yon mesye pandan l t ap vwayaje sou wout vil sa a. (35)

  12. Jerizalèm Jezi ak Apot li yo te pase anpil tan ap anseye nan vil sa a. Jezi te mouri epi li te resisite nan kote sa a. (6, 39–40, 44–57, 63) Gade kat la 2 pou istwa adisyonèl ki te rive nan Jerizalèm.

  13. Betani Laza, ke Jezi te leve anba lanmò, te viv nan kote sa a avèk sè li Mari ak Mat. (43)

  14. Betleyèm Jezikri te fèt nan kote sa a. (5, 7)

Imaj
map 1

Lanmè Mediterane

Lanmè Mòt

Damas

Sezare Filip

GALILE

Kapènaòm

Lanmè Galile

Kana

Nazarèt

SAMARI

Rivyè Jouden

Jope

Jeriko

Jerizalèm

Betani

Betleyèm

Kat 2. Jerizalèm nan epòk Jezi a

  1. Gòlgota Se petèt la a Jezikri te mouri sou kwa a. (53)

  2. Tonm nan nan Jaden an Se petèt kote Jezikri te antere, te resisite, epi te pale avèk Mari Magdala a. (53, 54)

  3. Pisin Betseda a Jezi te geri yon mesye nan kote sa a nan Jou Saba a. (27)

  4. Tanp Nan kote sa a anj Gabriyèl te pwomèt Zakari ke li t ap gen yon pitit gason, ki sete Jan Batis. Jezi te anseye nan tanp sa a. Li te mete moun ki t ap vann bèt pou sakrifis yo deyò nan tanp lan tou. (1, 6, 9, 11, 13, 45, 56)

  5. Jaden Jetsemane Jezikri te priye, soufri pou peche nou yo, te trayi pa Jida Iskaryòt, epi te arete nan jaden sa a. (51, 52)

  6. Montay Olivye Jezi te anseye sou Dezyèm Vini li a nan kote sa a. (46)

  7. Kay Kayif Se gen dwa plas kote dirijan Juif yo te fè jijman Jezi a, kote yo te akize l ke l te kraze lalwa. (52)

  8. Chanmòt Sal kote Jezi ak Apot li yo te manje repa Pak la te siman nan zòn sa a. Jezi te anseye Apot li yo sou Sentsèn yon ti bout tan anvan yo te ale nan Jaden Jetsemane a. (49, 50)

Imaj
map 2

Gòlgota

Tonm nan Jaden an

Pisin Betseda

Tanp

Jaden Jetsemane

Montay Olivye

Kay Kayif

Chanmòt